Lapolis arete 2 granmoun ki enplike nan disparisyon yon lòt nan Sant peyi a 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
PHOTO : PNH

Nan depatman Sant peyi Dayiti, lapolis mete anba kòd 2 granmoun : Pierre Pétion ki genyen 57 lane sou tèt li, epi Pierre Arnel ki genyen 85 lane. Moun sila yo jwenn arestasyon yo nan men lapolis aprè yon lòt moun, ki se Dukèl Josapha, disparèt depi kèk tan. 

Nan 4èm seksyon kominal “Agwaedyond” nan lokalite Lachanb, se la yo mete lapat nan kòlèt 2 prezime malfektè yo, daprè sa lapolis la rapòte sou paj rezo sosyal li yo. Toutfwa li pa bay twòp detay sou idantite moun ki disparèt la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dukèl Josapha disparèt depi 15 Jen pase a nan lokalite “Labi” toujou nan seksyon kominal “Agwaedyond”, se sèl sa otorite yo nan lapolis la rapòte. 

Pou kounya Pierre Pétion (57 lane) epi Pierre Arnel (85 lane) nan gadavi, y ap tann desizyon lajistis nan zafè disparisyon sila. N ap raple tou lè 2 sòti nan lokalite “Lachanb”, men nou pakonn si yo se menm manb fanmi. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.