Lapolis reprann kontwòl sou komisarya Pon sonde a 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lapolis reprann kontwòl sou komisarya pon sonde a 

Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse ayè madi a li reprann kontwòl komisarya Mowo Pèy ak Pon Sonde a, epi plase polisye ladan l pou sekirize l pou travay konstriksyon yo ka pousuiv. 

Aprè piblikasyon yon videyo amatè k ap sikile sou rezo sosyal yo, patikilyèman Facebook ak Whatsapp, ki te montre plizyè bandi ak zam fann fwa ki sòti nan Savyen, ki te vle pran kontwòl komisarya Mowo Pèy/ Pon Sonde a, lapolis pa t pran tan pou aji epi reprann kontwòl sitiyasyon an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bandi sila yo te fè prestasyon ak gwo zam epi tire anlè pandan yo t ap filme tèt yo epi fè lwanj pou gang Savyen an, ki se yon lokalite kote kriminèl sa yo sòti nan depatman Latibonit la. Yon sèten « kòmandan lanmò/ nèg grenad la » te tou pwofite voye salitasyon pou Ti lapli, Izo ak Ti Makak, ki se kèk pami gwo chèf gang k ap opere nan depatman Lwès la. Li te tou pwofite voye menas bay advèsè l, « Seksi » ki ta sanble te vle bloke wout Pon Sonde a.  

Fas ak sitiyasyon an, popilasyon an nan Pon Sonde te rele otorite polisyè yo sekou. Yon patwouy polis ki abitye kanpe nan zòn Kafou Pèy te fè yon entèvansyon pou reprann sitiyasyon an an men. Nan echanj kout zam gen yon sivil ki sòti blese ak bal nan sant vil Ti Rivyè Latibonit. 

Daprè nouvo Direktè depatmantal Latibonit la (DDA) Jean Bruce Myrthil, « bandi sila yo te sèlman vle fè teyat sou wout nasyonal nimewo 1 an pandan yon 5 minit. Yo fè pati ekip “Tik Tok” ki sòti nan gang Savyen ». 

Responsab la te tou pwofite revele komisarya tou nèf Mowo Pèy/ Pon sonde a potko gen polisye ki afekte ladan l jiska moman sèn nan. Pou kounya gen plizyè ajan Inite Depatmantal Mentyen Lòd (UDMO) ki plase nan espas la. 

PNH la ap travay pou dènye preparasyon yo fèt pou yo ka inogire sou komisarya sila, se sa responsab la fè konnen. Jean Bruce Myrthil ret kwè lapolis la ap kapab garanti sekirite lye yo pou chantye a ka kontinye vanse epi pou komisarya Mowo Pèy/ Pon Sonde a kapab operasyonèl ak sèvi popilasyon an nan zòn sila. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.