Categories: AN KREYÒL DIPLOMATIE

Lèzetazini ap bay lòt peyi yo ki nan Amerik la 240 milyon dola pou yo ka resevwa migran k ap rantre lakay yo

Share

Sekretè Deta ameriken an, Anthony Blinken anonse ayè 6 Oktòb 2022 a, peyi Lèzetazini pral bay 240 milyon dola vèt anplis nan zafè èd imanitè pou peyi yo ki nan Amerik la kapab asiste ak akeyi migran k ap rantre lakay yo, epi pou peyi sila yo kapab ranfòse fwontyè yo. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Chèf diplomasi amerikèn nan te rann anons sila piblik pandan yon reyinyon ministeryèl sou imigrasyon k ap fèt an paralèl ak Asanble jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), nan Lima, peyi Pewou.  

“Lèzetazini ap founi yon nouvo èd imanitè bilateral 240 milyon dola pou ede peyi ki nan kontinan resevwa migran ak refijye lakay yo, epi pou reponn ak bezwen yo”, se deklarasyon diplomat la. 

Mesye Blinken esplike resous sila yo ap sèvi nan sèvis sante, ebèjeman ak edikasyon, men tou pou ranfòse fontyè yo, epi pou goumen kont trafik moun k ap fèt nan rejyon an. 

Sekretè Deta ameriken an mande tou pou peyi yo ki nan Amerik la travay nan tèt kole pou yo ka atake divès pwoblèm migrasyon an lakòz tankou ensekirite, mank opòtinite ekonomik, kriz klimatik ak koripsyon nan rejyon an. 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by