Categories: AN KREYÒL DIPLOMATIE

Lèzetazini di l pa rekonèt endepandans Taywan

Share

Aprè l fin voye yo devan, Lèzetazini kanpe pou di li pa rekonèt endepandans Taywan, epi li plis kwè nan politik yon sèl Chin nan, daprè dènye rapò sou sekirite nasyonal Mezon Blanch lan, ki pibliye ayè mèkredi a, 2 mwa aprè relasyon ant Peken ak Wachinnton yo te retounen sere ankò akòz plizyè reprezantan politik ameriken an te vizite zile a, pami yo Nancy Pelosi.  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

“Nou kanpe an kwa ak tout chanjman inilateral “Statu quo”, epi nou pa apiye endepandans Taywan nan. Nou rete soude ak politik yon sèl Chin nan”, se deklarasyon Wachinnton nan yon rapò ki pale tou de enterè l genyen pou kenbe politik diplomatik li avèk Taywan. 

“Nou respekte angajman nou yo an vèti lwa relasyon nou gen ak Taywan yo pou soutni lejitim defans li, ak kapasite pa Lèzetazini pou reziste ak tout atak k ap fèt kont Taywan”, se sa Mezon Blanch lan endike. 

Tansyon ant 2 pisans yo pran yon lòt etap depi aprè vizit nan Taywan prezidan Chanm reprezantan yo, Nancy Pelosi, nan mwa dawout pase a. Lachin te fache paske l konsidere Taywan kòm teritwa li, Lèzetazini pat gendwa pile la san otorizasyon l. 

Kò repons, Lachin te sispann chita pale yo ak Lèzetazini epi te ekzekite yon seri mannèv militè tou prè detwa ki separe 2 peyi yo. 

N ap raple, pandan dènye deseni sa, se pou pi piti 150 manb Kongrè ameriken an ki rann yo Taywan, 34 pami yo sòti nan administrasyon Joe Biden nan. Lachin wè vizit sila yo tankou yon konplo epi yon menas pou souverènte teritwa li a. Anplis sa, li se vyolasyon yon lwa Lachin te siyen nan lane 1979 ak Wachinnton pou rekonèt yon sèl Chin, kidonk Taywan ladan l. 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: États-Unis Taiwan