Luis Enrique, yon lòt non ki entèrese Brezil  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
luis enrique, yon lòt non ki entèrese brezil   (1)

Depi lè CBF la te fin revoke Tite nan tèt seleksyon an, aprè eliminasyon Brezil nan Mondyal 2022 a Federasyon Brezil la, gen gwo difikilte pou l jwenn yon antrenè pou Seleçao a. Anpil non site tankou : Zidane, Mourinho, Ancelotti, Guardiola dènye a se Luis Enrique. Ansyen antrenè ekip Espay la fè pati Short-list Brezil la.  

Federasyon foutbòl Brezil la gen gwo difikilite pou l jwenn yon seleksyonè pou ekip Brezil la. Aprè pwoblematik sou koze etranje a, li difisil anpil pou Brezil jwenn yon antrenè brezilyen ki gen nivo pou pran tèt ekip la.  Luis Enrique se youn nan moun ki ka vin antrenè Brezil.   

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ednaldo Rodriguez, pran tèt CBF la depi mwa mas 2022 a gen yon ide kiyès ki ka pran tèt seleksyon Brezil la.  Daprè « Sport » Luis Enrique se pi gran favori pou ta vin antrenè Brezil la. Ansyen antrenè Barça, se yon antrenè ki renmen bay jèn chans epi jwe yon foutbòl chanpay. 

Aprè tout non sa yo, Brezil dwe jwenn yon antrenè pou mwa janvye, yon bagay tout jwè ak fanatik Brezil ap tann pou ane 2023. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive