Luis Suarez fè 3 gòl pou premye match li ak Gremio

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
luis suarez fè 3 gòl pou premye match li ak gremio

Aprè Luis Suarez te soti ak dlo nan je nan Mondyal 2022 a, li te tou kite chanpyona ewopeyen an pou l t al jwe nan Gremio, yon klèb nan peyi Brezil. Pou premye match li ak Gremio, yè madi a, li fè 3 gòl pou l ede ekip li bat Sao Luiz (4-1), nan yon match pou tit Recopa Gaúcha. 

Ansyen jwè Atletico Madrid la fè 3 gòl pou ekip Gremio a nan yon match pou tit Recopa Gaúcha fas ekip Sao Luiz (4-1) nan Porto Alegre. Youn nan gòl yo ta pral fèt nan 5yèm minit aprè atakan irigweyen an ta pral lobe Gabriel Felix anba kan an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè kèk mimit, estad Arena Gremio a ki t ap chofe ta pral fè silans aprè gòl Paulinho a pou ekip Sao Luiz la, k ap evolye nan Seri D nan peyi Brezil. Aprè « Pistolero » a ta pral fè lòt 2 gòl li yo nan 30yèm ak 38yèm minit, Suarez reyalize 3 gòl pou premye match li sou koulè ekip Gremio a.  

Viktwa sa pèmèt Gremio pran tit Recopa Gaúcha, premye match Suarez, premye tit li ak Gremio, sa ki fè fanatik yo gentan fou pou li. Yon bèl fason pou yon jwè komanse yon avanti ak yon klèb tou.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive