Manchester United kalifye pou kadefinal Europa League la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
manchester united kalifye pou kadefinal europa league la

Aprè ekip Erik ten Hag te metrize ekip Betis la 4-1 nan match ale 8tyèm final Europa League la, jodi jedi a, Manchester United fini travay la 1-0, Marcus Rashford se inik bitè match la nan estad Benito-Villamarin. Reds Devils yo pral chache reyalize pefòmans yo te bay nan lane 2017, lè yo te pran tit sa.

Sou pi piti rezilta, Manchester United genyen Betis lakay li, nan Benito-Villamarin (1-0) gras ak atakan anglè a Marcus Rashford, ki anfòm dènyè tan sa yo. Yon viktwa ki bay Reds yo biyè pou kadefinal Europa League la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè Barcelone, ekip Manchester United la retire yon lòt klèb Espanyol nan Europa League la sezon sa. Ekip Betis la ki pat kapab konte sou eleman ki pi enpòtan nan efektik li, Nabil Fekir (blese nan jenou), pa rive jwenn chemen gòl la. Ak yon bon Casemiro epi yon Marcus Rashford ki anfòm aprè Mondyal la, Anglè a fè 19 gòl aprè Mondyal 2022 a, grenn gòl jodi a se 27tyèm li pou sezon an.

Ekip Machester United la k ap konnen advèsè li pou kadefinal Europa League la, vandredi kap vini.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive