Manje pwason, moute kap pandan semèn sent, ki kote tradisyon sila yo soti ? 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
sous imaj la : AyiboPost

Depi nou ti katkat epi kòmanse gen lespri, nou toujou remake semèn sent  pa yon semèn tankou tout lòt yo kit se nan manje kit se nan aktivite. Legliz yo gen aktivite chak aprèmidi, timoun ap monte kap epi jou vandredi a ki pote non vandredi sen an se pwason moun yo manje. 

Men, ki kote tradisyon sila yo sòti ?  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan tan lontan yo te fete Pak pou selebre delivrans pèp Izrayèl nan peyi Lejip. Li vin  kontre ak Pak Kretyen an ki se selebrasyon lanmò jezi pou delivrans Lèzòm anba peche. Manje pwason vin antre nan tradisyon sila akoz pèsekisyon kretyen yo te konn sibi. 

Depi nan nesans krisyanis la, kretyen yo te toujou pèsekite. Yo te konn touye yo, mete yo nan prizon elatriye. Kretyen yo te konn itilize siy pwason an pou youn rekonet lòt. Lè yo rankontre, youn nan yo bese epi fè siy pwason an atè a, si lòt moun nan konprann, yo salye youn lòt, bay akolad épi pale. Lè tout moman pèsekisyon yo fini, chak peryòd Pak, kretyen yo manje pwason an siy viktwa ak delivrans. 

Yon lòt orijin ankò,  Legliz katolik te enstore pratik sa, kote li te mande moun yo nan peryòd sent lan pou yo pa manje gwo vyann, vyann wouj ni bwè alkòl men pito pran manje lejè epi konsome pwason boukannen, kidonk tradisyon sa tou rete, chak moman pak espesyalman vendredi sen, se pwason olye de lòt vyann moun konsome. 

Nou toujou tande pale de « oeufs de pâques » Poukisa? 

Nan moman karèm nan ki se 40 jou avan pak, legliz te entèdi moun yo manje ze. Lè tout entediksyon sa yo fini, moun yo te manje ze, reyalize diferan resèt ak ze pou kapab selebre. 

Kòm te gen anpil ze ki rete akoz moun ki pa manje yo, te gen yon moun ki te gen ide vide ze yo, mete chokola nan po yo pou vann. 

Poukisa yo monte kap pandan semèn sent lan ? 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se chinwa yo ki te premye itilize kap nan lide pou pase mesaj epi siveye pozisyon ennmi. Aprè li ta pral rive an ewop nan lane 1300 gras ak yon machann ki te konn vwayaje anpil. Li te wè kap la epi li deside montre italyen parèy li yo. An ewop kap la te itilize pou teste van ak tan avan moun yo vwayaje nan bato. Kap la vinn  pran ekstansyon, kretyen yo menm vinn konsiderel tankou se nanm moun k ap vole al jwenn Bondje.  

Kap la tap vinn antre nan karayib la gras ak yon sòlda Britanik ki t ap esplike timoun Bermudes yo « la passion du Christ ». Pou l te rive fè yo konprann kijan Jezi te fè monte nan syèl, li te itilize yon kap pou ilistre sa li tap di a. Depi lè sa, chak vandredi sen timoun pran monte kap. 

Kap ta pral rive an Ayiti akoz vwayaj Ayisyen ki lakoz vinn gen yon melanj. Yo remake l epi mande kisa li ye. Non an anglè se « Kite » pou di Cerf-volant nan lang fransè, men se pa defòmasyon Ayisyen pral rele l Kap. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

An Ayiti, anpil kote respekte tradisyon sa epi ajoute sou li. Tankou Okap Ayisyen lè vendredi sen a pati 3 zè nan aprèmidi, okenn bri pa dwe fèt, tout travay sipoze finn fèt depi nan maten epi 3 zè tout moun kenbe yon pozisyon rekèyman epi tout moun al legliz. Nan mit pa yo, Jezi mouri kidonk bri pa dwe fèt. Dimanch pak, kapwa yo manje vyann bèf oubyen kodenn ak diri nasyonal.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.