Minis Kominikasyon ayisyen an, Emmelie Prophète di revandikasyon pep la lejitim

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
minis kominikasyon ayisyen an, emmelie prophète di revandikasyon pep la lejitim

Minis Kominikasyon an, Emmelie Prophète, nan yon entèvyou ak RFI jedi 22 septanm 2022 sa, fè konnen mouvman pwotestasyon popilasyon ayisyen an lejitim.  

Emmelie Prophet, nan yon entèvyou bay Radio France Inter, jedi 22 septanm 2022 sa a, di li konprann kòlè pèp Ayisyen an apre desizyon Gouvènman Ariel Henry a pran pou monte pri gaz nan ponp yo. Minis la di li kwè revendikasyon pèp Ayisyen an lejitim.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Lavi a difisil anpil. Sitiyasyon mizè a pa akseptab, donk moun kap manifeste yo gen rezon yo. Bagay sa la depi lontan, petèt depi 220 lane. Sitiyasyon an ap vin pi mal. Mwen menm, pèsonèlman, mwen totalman konprann kòlè moun yo », te deklare Minis Prophète, nan yon ti bat bouch ak Radio France Inter, tout pandan li te fè konnen aprè kòlè popilasyon an ki te pran lari, sa ki lakòz bloke wout, sèn piyaj elatriye, Gouvènman li an pap rete bwa kwase.

« Kòlèg mwen nan Ministè Afè Sosyal yo, an patikilye, ap fè tout sa l kapab pou asire kèk fòm èd rive nan popilasyon an, epi pou nou kòmanse etidye pwoblèm yo nan moun ki gen pwopriyete yo ki te vandalize, an patikilye biznis », te anonse Emmelie Prophète.

Yon lòt bò, Minis Kominikasyon an te konfime tou kòmansman ane lekòl la pou 3 oktòb sa a, malgre kèk lekòl te sibi zak vandalis pandan dènye mouvman manifestasyon yo.

“Kòmanse nouvo ane lekòl la kenbe, paske timoun nou yo dwe retounen lekòl.  Retounen lekòl sa a pral petèt pèmèt nou wè sa ki ka vini an tèm de èd, ki jan nou ka ede paran yo ak lekòl sa yo ki te piye », te eksplike Madam Prophète.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.