Categories: AN KREYÒL SPORTS

Mondyal 2022 : Brezil men boul ou jwe !

Share

Brezil se favori nimewo 1 nan mondyal sa kap fèt nan peyi Kata a, anpil analis ak fanatik wè Brezil ap pran koup la ane sa. Men pou Seleção a pran 6zyèm etwal sa fòk li jwe boul. Pou premye kadefinal la, jodi vandredi a, se fas ekip Kwoasi a Brezil pral chache kalifye pou demi final aprè li te fin kraze ekip Koredisid la (4-1).  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ekip Brezil sa parèt solid ak pil gran jwè li genyen yo, se yon seleksyon ki rich nan atak li. E tout ekip Tite a gen konfyans e kwè yo kapab champyon malgre Neymar pa finn anfòm nèt.  

Seleção a ap chame moun ak jwèt li, jwè li yo ap drible,  y ap fè bèl pas, y ap fè bèl gòl, mitan teren an menn se pa pale, defansè ak gadyen yo ap fè travay yo san pwoblèm. Kidonk pou match fas Kwoasi a Brezil se favori. Pa gen diskisyon nan sa. 

Men fòk yo veye koyekipye Luka Modric yo ki pap vin bay piyay aprè yo finn elimine japon nan tire penal nan kan, sa vle di kapab gen gwo sipriz nan dyèl Brezil ak Kwoasi sa. 

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by