Categories: AN KREYÒL SPORTS

Move nouvèl pou PSG, Neymar ka rate match retou a fas Bayern nan

Share

PSG rive genyen ekip Lille la (4-2) nan yon match ak rebondisman nan kad 21nyèm jounen Ligue 1 an. Klèb parizyen an mete yon bout nan seri defèt li, men li pèdi 2 eleman enpòtan, Neymar ak Nuno Mendes. Aprè match la Galtier bay nouvèl sou 2 jwè ki blese yo. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

 

PSG pèdi 2 jwè enpotan fas ekip Lile la, yon match li rive genyen aprè l te fin tonbe nan Champions League la fas ekip Bayern nan(0-1). antrenè PSG a bay nouvèl sou Neymar ak Mendes ki te soti blese nan match fou sa.

 

Aprè yon chòk ak Benjamin André, star Brezilyen an te soti sou sivyè, Neymar blese nan menn je pye li te blese avan Mondyal 2022 a. Yon rankont, Neymar te fè yon gòl ak yon pas gòl. MNM nan te reponn pou bèl match sa.

 

Nuno Mendes te blese nan menn rankont lan, yon lòt gwo kou pou Galtier ki bay nouvèl sou 2 jwè yo.

“Neymar? Se yon blese nan je pye, li grav? Nou pa konnen. L ap pase ekzamen yo kounya. Pou Nuno Mendes, sa pa

trò grav ” deklarasyon antrenè PSG a.

 

Li posib pou Neymar ak Mendes ta rate match retou nan Champions League la fas ekip Bayern nan, nan Allianz Arena, kap fèt 8 mas kap vini la. Yon match ki ka chavire sezon an an men Galtier, ki ka pèdi travay li.

 

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by