Categories: AN KREYÒL SPORTS

NFL: Tom Brady mete yon bout nan karyè li

Share

Pi gran jwè foutbòl ameriken an deside mete fen nan karyè li aprè 23 sezon. Aprè anpil pale anpil, jodi mèkredi a jwè 45 lane a,Tom Brady anonse li fè yon kraze kite sa epi mete kas li yon kote. Desizyon sa vini aprè sezon sa te parèt difisil pou lejand NFL la, kote ekip Dallas Cowboys la retire yo nan plays-off la. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

 

Jodi mèkredi a, Tom Brady deside mete yon bout nan karyè li, aprè li fin pase 23 sezon nan NFL, kote li pran 7 Super Bowls epi se jwè ki gen plis tit nan istwa Nation Football League la. Jou ki te 16 janvier 2023 a ta pral dènye match li nan play-offs la fas Dallas Cowboys.

 

Tom Brady te deja anonse fan li yo sou rezo sosyal yo, l ap mete fen nan karyè li :

“Map dirèk: m pran retrèt mwen pou tout bon. M konnen dènye fwa anons lan te boulevèse anpil moun. Ebyen maten an, lè m te leve m te jis di map apiye sou anrejistre pou m bay nouvèl la”.

 

Tom Brady se yon lejand pou NFL la. Pasaj TB12 ak rekò li yo nan League la epi pasyon li ak motivasyon li pou jwèt sa,  rete kòm eritaj pou tout jenerasyon kap vini yo.

 

Ak ekip Tampa Bay Buccaners la, Tom Brady ta pral konnen yon defèt fas Los Angeles (27-30) nan sezon 2022 a. Champyon 2021 yo ta pral konnen yon sezon difisil, kote yo te gen anpil jwè blese; kote yo ta pral fini sezon 2022 a ak yon bilan ki negatif (8 viktwa, 9 defèt). Sa ki te fè ekip la pat janm jwenn mak li pou te montre fòs li nan Super Bowl la.

 

Anpil fanatik TB12, pat swete li mete fen nan karyè li konsa. Aprè ekip Tampa Bay Buccaneers la fin tonbe fas Dallas Cowboys nan playd-off la, Lejand quarterback la deside mete fin tout bon nan karyè li.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by