OCNH jwenn 84 ka omisid ki resanse pou mwa septanm pase a 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
ocnh jwenn 84 ka omisid ki resanse pou mwa septanm pase a 

Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvèl Ayiti (OCNH, nan sig fransè)  di li resanse yon ogmantasyon moun ki viktim anba ensekirite a nan plizyè rakwen peyi d Ayiti . Li jwenn 84 moun ki fè vwèl pou peyi san chapo pandan mwa septanm 2022 a. 

Nimewo 1 OCNH la mèt Camille Occius fè konnen suit ak bilan sila, se 27 moun anplis ki mouri pou mwa septanm nan konpare ak dawout pase. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nonb moun ki mouri akòz ensekirite a nan peyi a pou mwa septanm nan ogmante pa rapò ak mwa dawout la, daprè OCNH nan yon rapò li prezante, pandan l t ap raple pou mwa jen an li te jwenn 57 ka omisid, 49 pou mwa jiyè a kont 57 pou mwa dawout la. 

Nan detay yo òganizasyon k ap defann dwa moun nan revele gen 7 fanm pami 84 viktim yo pou mwa septanm 2022 a, epitou 4 polisye. 

Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvèl Ayiti (OCNH) mande otorite yo pou yo frennen machin ensekirite a ki kontinye ap mete dlo nan zye popilasyon an ak simaye dèy tout kote chak jou pi plis. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.