NETALKOLE

ONI lanse karavàn pou distribisyon kat idantifikasyon nasyonal nan zòn metwopolitèn lan

Share

Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) ap enfòme piblik la an jeneral ak laprès an patikilye sou lansman yon karavàn distribisyon Kat idantifikasyon nasyonal nan plizyè zòn nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan. Komin ki konsène nan kad inisyativ sa a se: Taba, Pòtoprens, Kwadeboukè, Petyonvil, ak Dèlma.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Pou fasilite pwosesis sa a, nouvo pwen mobil distribisyon yo ap tabli nan fason sa a:

-Moun ki te fè kat nan biwo ki nan Ri Lamarre ak Gymnasium Vincent yo ka ale chache yo kounye a nan biwo nou ki nan Canapé-Vert (Kanapevè).

-Moun ki fè kat Taba, Koray Sèslès ak Kwadeboukè pral chache yo nan SONAPI.

-Kat ki te nan biwo Silo yo ap distribiye yo kounye a nan Meri Dèlma 31.

-Kat ki te nan biwo Lise Petyonvil yo ap distribiye yo kounye a nan OAVCT Petyonvil.

Inisyativ sa a fèt ak entansyon pou regilarize operasyon ONI yo ak ede kwape tout pratik koripsyon sitwayen yo ap denonse nan zafè distribisyon kat la. Ofis la ap raple ankò ak anpil enstistans, Kat Idantifikasyon Nasyonal la gratis, pèsonn pa dwe peye pou fè ak reklame Kat li.

ONI envite tout sitwayen yo pou rete atentif pou pwochen anons li yo sou ki kote, kijan, ak kilè karavàn nan ap pase nan lòt komin nan peyi a. ONI ap itilize plizyè mwayen kominikasyon pou enfòme popilasyon an.

Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) renouvle detèminasyon ak angajman li pou sèvi popilasyon an nan transparans ak efikasite.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: karavàn Kat idantifikasyon OAVCT ONI Pòtoprens