OPC mande yon ankèt prese prese sou asasina Éric Jean Baptiste 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
opc mande yon ankèt prese prese sou asasina Éric jean baptiste 

Suit ak asasina ansyen kandida pou prezidan Éric Jean Baptiste, Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) mande otorite ki nan Leta yo pou yo louvri yon ankèt prese prese nan lide pou idantifye otè zak yo epi tradui yo devan lajistis. 

Nan yon kominike ki pote dat 30 Oktòb 2022 a, kidonk ayè dimanch lan, OPC kondane asasina òm dafè ak politisyen an, ki te akonpaye ak youn nan ajan sekirite li yo ki se Peterson Vernius, nan lannwit vandredi 28 Oktòb pase a, nan Laboul 12, anlè nan komin Petyonvil. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pwotektè sitwayen an, Renan Hedouville di l konstate vyolans avèg ki tabli kò l sou peyi a pa epanye pèsòn, pa menm fanm ak gason ki pòtan yo epi k ap gen pou jwe yon wòl fondamantal nan rekonstriksyon peyi a demen. 

Ofis Pwoteksyon Sitwayen mande pou gen yon solisyon ki pran pou rezoud ensekirite a k ap vale teren pa bò isit avèk gang ak zam yo k ap touye, vyole ak vòlè moun san kè sote. 

Depi dènye jou sa yo ensekirite a fè anpil viktim nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Prèske yon dizèn moun tonbe anba bal bandi, alòske lapolis ki ta dwe la pou sekirize popilasyon an enplike, li menm tou, nan plizyè zak briganday sou plizyè jounalis. 

Toutfwa n ap raple, nan zafè lanmò Sekretè jeneral pati politik Rasanbleman Demokrat Nasyonal Pwogresis yo (RDNP), lajistis deja konvoke 2 moun, nan referans ak animatè Luckner (Loucko) Désir epi Esaüe César alyas Ti Jan, ki nan emisyon Matin Débat sou radyo ak televizyon Éclair. 

Chèf Pakè Pòtoprens lan, Mèt Jacques Lafontant mande pou Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) tande 2 nonm sila yo paske yo te prevwa lanmò pwopriyetè bòlèt “Père Éternel Loto” a nan yon emisyon yo te fè, nan ki kondisyon ak nan ki zòn li t ap mouri. Rete pou konnen èske konvokasyon sa ap debouche sou yon bon pis pou mete lapat sou otè zak yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.