NETALKOLE

Plizyè lòt machin blende debake Pòtoprens pou fòs miltinasyonal la

Ayopò Tousen Louvèti resevwa jodi samdi 6 jiyè a 4 machin blende ki pral sèvi pou misyon miltinasyonal pou apiye sekirite (MMAS) nan peyi a. Materyèl sa yo rive kèk jou aprè premye twoup Kenya yo te debake nan peyi a.

Nan kad jefò k ap fèt bò kote Etazini pou sipòte misyon sa ki gen nan tèt li peyi Kenya, yon lòt kagezon materyèl pou fòs la debake an Ayiti. Abò yon avyon militè ameriken, 4 nouvo machin blende sa yo ateri Pòtoprens pou kapab retabli lapè ak sekirite nan peyi a.

Nan moman gwoup ame yo kontwole 80% teritwa rejyon metwopolitèn lan, kominote entènasyonal la ansanm ak gouvènman ayisyen an ap fè dènye mizanplas yo pou kapab rann fòs miltinasyonal la operasyonèl.

Polisye Kenyan yo ki deja tabli baz yo devan anbasad amerikèn, epi fè patwouy nan kèk zòn anndan komin Taba, genyen pou prensipal misyon soutni Lapolis la nan jefò l ap fè pou eradike fenomèn ensekirite an sou tout teritwa nasyonal la.

Nan konferans pou laprès aprè sejou li nan Washington, Premye minis Garry Conille deklare menm jodi samdi an nan ayopò Tousen Louvèti Leta p ap ka tann twòp pou atake gwoup gang yo ki pa sispann teworize popilasyon an depi deja yon pakèt tan.

 

Credit Photo: Radio Tele Ginen

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.
Laisser un commentaire