PNH anonse dat antèman direktè akademi an, komisè Rigaud  

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pnh anonse dat antèman direktè akademi an, komisè rigaud  

Antèman direktè akademi polis nasyonal d Ayiti a, komisè divizyonè Harington Rigaud ap chante nan akademi lapolis la sou wout Frè nan jou kap jedi 15 desanm 2022 a  apati 8è nan maten kote kò defen an pral ekspoze apati 7è nan maten. 

Asasinen nan yon sikonstans ki poko klè, men enstitisyon lapolis la vle rann komisè divizyonè Harington Rigaud  yon vibran omaj, komisè sa ki te tonbe anba bal bandi ak zam nan dat ki te 25 novanm 2022 a sou wout Frè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Komisè sa a te fè pati 7yèm pwomosyon PNH la, se te yon ekzekitif ki te byen antrene ni an Ayiti ni aletranje. Apre bandi sa yo te fin retire lavi Harington Rigaud yo te ale ak machin defen an. 

N ap raple zòn wout Frè  ki se kote yo te asasinen komisè divizyonè a, se youn nan zòn nan Kapital la yo konsidere tankou yon zòn wouj, akòz plizyè zak ensekirite  k ap fèt ladan l. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.