Pou ane 2022 a, 20 mil Ayisyen travèse Kolonbi ak Panama pou rantre Ozetazini 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pou ane 2022 a, 20 mil ayisyen travèse kolonbi ak panama pou rantre ozetazini  (1)

Pou pi piti 243 mil 681 migran ki pa regilye travèse Darien, yon gwo raje ki danjere anpil epi ki sitiye li ant Kolonbi ak Panama, pou rann yo an Amerik di Nò. 

Daprè ministè Afè etranjè peyi Panama, ki pibliye chif sila yo, kantite moun ki travèse raje sila pou ane 2022 a, depase chif ane presedan yo, tankou an 2021 ak 133 mil 726 migran. An 2020 li te 8 mil 594, lè sa fwontyè a te fèmen akòz pandemi Covid-19 la, epi li 30 mil 55 pandan kriz migran kiben yo nan lane 2016. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dènye chif yo ki pibliye vandredi pase a revele genyen 149 mil 826 Venezyelyen, 27 mil 921 Ekwatoryen, 20 mil Ayisyen ak 5 821 Kiben ki travèse raje Darien an an rezon egzòd venezyelyen an ki lakòz yon flo migran ap fè tantativ pou yo rantre Ozetazini d Amerik. 

Yo itilize raje Darien an depi plizyè dizèn lane pou fè moun ki soti toupatou nan mond lan vwayaje Ozetazini nan yon metòd ki pa regilye, malgre gwo danje ki genyen la akòz anviwònman sovaj li yo ak gwoup kriminèl òganize ki kache la a. 

Toutfwa n ap raple mouvman sila, atravè Darien, bon jan diminye aprè gouvènman ameriken an te anonse yon nouvo politik nan mwa oktòb pase a, kote tout Venezyelyen ki antre nan peyi a aprè yo te travèse fwontyè a ilegalman sòti Meksik ak Panama, y ap depòte yo sou teritwa meksiken an. 

Anplis de sa, moun yo depòte yo pa p ka nan pwogram k ap bay estati legal la Ozetazini pandan 2 lane ak 24 mil Venezyelyen ki rive nan avyon yo. 

Nan mwa oktòb pase, mwa ki gen pi gwo trafik selon chif ofisyèl Panama bay yo, genyen 59 mil 773 imigran ki te travèse, e an novanm, aprè desizyon ameriken an, genyen 16 mil 632 ki te pase. 

Otorite yo nan Panama, yon peyi ki anrejistre kantite migran epi ki ofri abri tanporè, te mande èd plizyè fwa deja pa bò kote kominote entènasyonal la pou atake pwoblèm migrasyon an epi konfwonte li kòm yon fenomèn rejyonal.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.