Categories: AN KREYÒL SPORTS

Real Madrid bay Barcelone tèt Liga aprè match nil fas Atletico Madrid la

Share

Pou gwo dèbi Madrid la nan kad 23zyèm jounen Liga a jodi samedi a, Real Madrid pa rive mete do Atletico Madrid atè. Match nil sa se yon echèk pou Merengue yo, ki bay Ekip Barcelone lan plis avantaj nan tèt chanpyona a avan li jwe fas ak ekip Almeria a demen dimanch lan. Bitè match yo se : José Maria Gimenez ak Alvaro.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon match konplike pou 23zyèm jounen Liga a, Real Madrid pèdi 2 pwen enpòtan fas ak Colchoneros yo nan Bernabéu a. Yon match ki kapab bay Barcelone 10 pwen nan tèt klasman an, si jwè Xavi yo ta bat Almeria nan Municipal Stadium nan demen dimanch lan.

Yon premye mitan ki te gen anpil entansite, kote tou 2 ekip yo tap chache premye gòl nan rankont lan, tantativ Marco Asensio ak Carrasco yo te montre enterè 2 ekip yo. Yon premye mitan tou 2 ekip yo te metrize.

Nan 2zyèm mitan an, tou 2 ekip yo ta pral tounen ak menm anvi genyen an. Nan 64triyèm minit, ekip Simeone a ta pral oblije jwe ak 10 jwè, Angel Correa te pran yon katon wouj aprè yon fot sou Rüdiger.

Malgre ekip Atletico Madrid la t ap jwe an mwens, sa pat anpeche yo pouse epi jwenn premye gòl la nan match la sou yon koufran Antoine Griezmann te byen fwape,  J. Gimenez, irigweyen an te metel nan gòl la ak yon kout tèt nan 78tyèm minit. Vinicius ak Benzema pat ka reponn fwa sa a nan fen match la, Alvaro ta pral egalize pou Real Madrid, aprè yon bèl kònè Modric te bote, jèn 18 lane a ta pral metel nan kan sou yon kout tèt nan 85kyèm minit.

Aprè rankont lan C. Ancelloti fè konnen nan konferans pou laprès, Real poko bay Liga a vag.

“Nou pa kwè n ka di adye ak Liga a, sa vin pi konplike pou nou kounya, men nap batay jiskobou” , Se sa teknisyen Italyen an fè konnen.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Atlético Madrid Liga real madrid sports