Categories: AN KREYÒL SPORTS

Real Madrid rejwenn chimen viktwa fas Espanyòl Barcelone

Share

Aprè twa match san genyen, Real Madrid retwouve chimen viktwa fas Espanyòl Barcelone jodi samdi an kote yo genyen (3-1), yon semèn avan match retou Clasico an k ap gen pou jwe wikenn pwochen.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

“Merengue” yo ki te nan gwo difikilte nan kòmansman match sa ki konte pou 25èm jounen Liga a, fè sa ki esansyèl la avèk bèl viktwa sa nan Santiago Bernabeu an gras ak Vinicius Jr, Éder Militâo epi Marco Asencio nan tan adisyonèl.

Real Madrid ki te sou yon move seri twa match san genyen depi gwo viktwa yo fas Liverpool nan uityèm definal ale Lig dè Chanpyon an, enpoze yo sou klèb katalan an (3-1) ki t ap mennen sou yo depi byen bonè nan premye mitan an.

Avèk atakan brezilyen an, Vinicius Jr (22’) ki ta pral egalize epi Éder Militâo pou pran avantaj la nan eskò yo, madrilèn yo fini pa fè bèl viktwa sa (3-1) ki pèmèt yo rapwoche yo de FC Barcelone, lidè an, ki gen pou kounya 6 pwen anplis yo.

Katalan yo k ap mennen tèt klasman Liga a devan “Merengue” yo, ap gen pou deplase lakay Athletic Club demen dimanch lan kote nan kad viktwa y ap rapran 9 pwen anplis Mezon blanch lan avan Clasico retou an ki pwograme pou 19 mas k ap vini la.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: 19 mars Clasico Eder Militao Espanyòl Barcelone FC Barcelone Liga Marco Asencio Merengue real madrid Santiago Bernabeu Vinicius Jr