Categories: AN KREYÒL SPORTS

Real pap ka konte sou Vinicius ak Kroos fas Cadiz

Share

Nan kad 29vyèm jounen Liga, Real Madrid k ap deplase pou al afwonte Cadiz p ap ka konte sou Vinicius ak Kroos. Antrenè a Carlo Ancelotti deside bay jwe sa yo repo, paske mwa avril la parèt chanje anpil pou Marengue yo. Posibilite pou Italyen an bay kèk jwè tan pou yo jwe kèk minit nan sezon an.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Yè vandredi a nan seyans antrènman avan match fas ekip Cadiz la, Carlo Ancelotti deside bay kèk jwè tankou Vinicius ak Kroos repo pou kèk lòt jwè kapab fè yon kout pou sezon an. 2 jwè nou site yo, se jwè ki jwe twop, ki gen kèk ti difikilte apre match Chelsea a.

Pou ranplase Vinicius ak Kroos, Ancelotti deside pran 3 lòt jwè nan “Castilla”, jwè sa yo se: Theo Zidane, Vinicius Tobias ak Takuhiro. Ki donk Brezilyen an ak Almann pap nan vwayaj la pou match Cadiz la.

Vinicius ak Kroos se 2 eleman enpòtan pou Real Madrid k ap gen pou l afwonte Chelsea madi k ap vini nan Stamford Bridge la nan kad kadefinal retou Champions League la.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Cadiz Carlo Ancelotti Castilla Champions League Chelsea Kroos Liga real madrid Stamford Bridge Takuhiro Theo Zidane Vinicius Vinicius Tobias