Rezilta yon etid fè konnen, bwè yon byè oubyen yon vè diven chak jou ka lakoz maladi Alzaymè 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
rezilta yon etid fè konnen, bwè yon byè oubyen yon vè diven chak jou ka lakoz maladi alzaymè 

Daprè rechèch kèk syantifik nan inivèsite Oxford nan peyi Angletè reyalize, konsome yon boutey byè oubyen yon vè diven chak jou, ogmante risk pou konsomatè a fè Alzaymè, oubyen maladi Pakinston. 

Alzaymè se yon maladi ki detwi memwa ak lòt fonksyon mantal enpòtan, maladi Pakinston nan limenm se yon twoub sistèm nève santral la ki afekte mouvman e ki lakoz tranbleman nan men sitou. Kidonk konsome 7 inite alkol pa semèn, ka lakoz ou gen maladi sa yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Poukisa? eben se paske lè w konsome kantite alkol sa, li alimante akimilasyon fè (Fer) nan sèvo an. Alkòl sa ou konsome souvan, elimine yon òmon ki kontwole kijan kò a absòbe mineral yo, ki pèmèt sèvo a bay bon pèfòmans.  

« Nan pi gwo etid ki janm fèt jiska jounen jodia, nou reyalize si toutfwa yon moun konsome 7 inite alkòl pa semèn, lap gen yon akimilasyon fè nan sèvo l. Twòp fè nan sèvo a ap deranje bon fonksyonman l. kapisite konitif moun sa ap degrade. » se sa doktè Anya Topiwala, ki se youn nan syantifik yo ki reyalize rechèch sa deklare. 

Doktè souvan remake yon gwo kantite fè nan kèk pati nan sèvo pasyan ki soufri demans yo (demans se lè pou pi piti 2 fonksyon serebral tankou memwa ak jijman afebli), sitou nan matyè griz la. Yo rive remake sa tou nan sèvo pasyan ki soufri maladi Pakinston nan. 

Menm si fè a enpòtan pou sèvo a, men yon twò gwo kantite konn bay pwoblèm. Kidonk, konsome alkòl ak moderasyon, nan tout sans, keseswa nan kantite w ap bwè pou w pa sou, oubyen nan kantite w ap bwè pou w pwoteje sante w.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.