Sant Gheskio deklare kriz sosyopolitik la anpeche l lite kont maladi Sida kòrèkteman

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
sant gheskio deklare kriz sosyopolitik la anpeche l lite kont maladi sida kòrèkteman

« Gen yon tandans k ap monte. Nou te ak pou pi piti 2% moun ki sewopozitif, men pou kounya sa kòmanse ap ogmante akòz difikilte ki genyen. Sa pa bay kè sote, men (…) alèt la la, menm si l poko yon gwo danje »: yon pati nan deklarasyon Doktè Mireille Peck, k ap travay nan sant Gheskio yo, deklare bay ajans EFE.

Ayè jedi 1ye desanm nan se te jounen mondyal lit kont maladi Sida. Si genyen divès jefò k ap fè nan mond lan chak jou pou kwape malè pandye sila, pa bò isit an Ayiti se kriz sosyopolitik la, ki pa sispann deteryore, ki menase divès demach k ap fèt depi 10 dènye lane sa yo pou kwape maladi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Doktè Peck, ki genyen yon espesyalizasyon nan sante kominotè, « genyen 2 faktè ki lakòz ka yo ogmante pi plis toujou: gaz ki manke sou teritwa paralize prèske tout bagay ak anpeche pasyan yo ale nan randevou medikal yo, epi ensekirite a pa pèmèt moun ki rete sa yo rele « zòn wouj » yo pou yo ale nan sant sante pou resevwa swen nesesè ».

Li ajoute Ayiti se yon « success story » nan batay kont VIH/SIDA a paske nan de deseni ki sot pase la yo, kantite moun k ap viv ak VIH la te redwi soti 16 pou desann 2%, epi depi prèske 10 lane chif sila rete estab. Yon pwogrè ki te rive posib gras a yon kanpay entans kont maladi a ak sipò patnè entènasyonal yo.

N ap raple, daprè dènye done Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP) sou maladi a, yon ti kras plis pase 150,000 moun ap viv an Ayiti ak VIH/SIDA, ladan l genyen 145,000 granmoun ak 5,700 timoun.

85% nan moun ki afekte pa viris la konnen estati yo epi, nan sa yo, 90% sou tretman.

An 2021, 4,300 moun te enfekte ak VIH la ak 1,500 te mouri nan maladi SIDA, sa ki te bay yon total 217,000 moun ki mouri nan peyi a.

59% moun k ap viv ak VIH se fanm, se sektè ki pi afekte pa maladi a akòz faktè tankou povrete ekstrèm, y ale plis nan sant sante pase gason yo, kidonk yo plis resanse ka pa yo a, yo pi vilnerab epi gen yon mank otonomi ekonomik ak finansye.

Anviwon 133,000 moun gen aksè san kanpe ak “antiretwoviral” yo, daprè otorite lasante yo, ki fè konnen objektif yo se kwape maladi a nèt pou rive 2030.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.