Se bagay kanibal k ap regle Bèlè », kri yon sitwayen ki blije sove kite zòn nan

NetAlKole Publication
ParNetAlKole Publication
se bagay kanibal k ap regle bèlè », kri yon sitwayen ki blije sove kite zòn nan

Depi plizyè mwa batay ak zam ki gen ant katye popilè Bèlè ak Ba Delma reprann e lis viktim yo pa sispann grandi chak jou pi plis. Alòske nou nan peryòd paskal, sa pa anpeche bandi ki nan 2 kan advès yo fè san koule lè okazyon an prezante.

« Se bagay kanibal k ap regle Bèlè », se deklarasyon yon sitwayen ki blije abandone lakay li aprè l te pase plizyè tan ap fè rezistans kòmkwa li se granmoun ki leve sou katye Bèlè.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Moïse, ki genyen 68 lane, ap fè ladesant kay yon pitit fi li nan komin Delma. Li esplike pa gen yon jou ki pa pase pou pa genyen san ki koule, lè se pa bandi ki tonbe sou chan batay, se sivil ki mouri swa aprè kan advès la kenbe yo, swa akòz bal mawon.

Depi mwa fevriye pou rive jounen jodi a se pa de moun ki pa viktim anba bal oubyen manchèt bandi yo k ap batay pou pran plis teritwa nan zòn sila a. Nan majorite ka yo, yo boule kadav moun yo touye yo, pèsonn pa epanye. Plizyè videyo amatè abitye montre nivo kanibal sila k ap twoke kout zam yo pou kontwòl teritwa, e imaj yo pa bèl ditou.

Yon batay ki opoze G9 ak G-Pèp epi ki fè plis pase yon santèn viktim, ant jenn gason, fanm, granmoun oubyen timoun.

« Depi w tonbe anba men kan advès zòn ou sòti a, lojik la senp ou dwe mouri pou sa », se pawòl yon komèsant ki te rete nan zòn konfli a.

Se pa premye fwa genyen gè ki eklate ant Bèlè ak Ba Delma. E malgre alèt òganis dwa moun yo, pami yo Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun (RNDDH) oubyen ankò Kolektif Défenseur Plus ak OCNH, pou n site sa yo sèlman, bay sou sa, okenn mezi pa janm adopte pou pote yon solisyon ak sitiyasyon an k ap pi anvlimen chak jou.

Kòz gè sila ki eklate ant Bèlè ak Ba Delma a, tout aktivite paralize, sitou nan antouraj yo. Lekòl, legliz, komès, antrepriz ak sikilasyon an sispann la nan lide pou plis viktim pa resanse.

N ap raple nan mwa ki sot pase yo, gè ki genyen ant akolit Jimmy Cherizier (Babekyou) ak alye Ti Gabriel yo te lakòz moun kouri kite kay yo pou al pran refij lòt kote. Afwontman yo te menm rive afekte kèk zòn tankou Kriswa, Avni Pouplard, Delma 24, Ri Timas, Sanfil, Kafou Peyan, Solino, elatriye. Genyen nan kote nou sot site la yo jiskaprezan ki anba kontwòl gang, e sivil paka pase la yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article