Stan, toujou nan men lapolis, Evazyon Mizik soti Yon petisyon pou mande liberasyon l

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Stanley Dronette Ki gen nom atis li Stan, kise youn nan manm label Evazyon Mizik D-Fi Powèt Revòlte ap dirije toujou anba men lapolis nan komisarya delmas 33.

Stan te jwenn arestasyon l nan lannwit 28 dawou 2021 an, nan zòn delmas 75, kote li t al jwe nan yon fèt kòm atis, nan moman operasyon sa lapolis te arete yon ventèn moun anviwon, pami yo te gen 5 atis , nou kapab site Cisco Lafrance, Wellborn kise rapè nan Kolektif Powèt Revòlte ak Stan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè Yon mobilizasyon kite fèt sou rezo sosyal yo, Cisco Lafrance te rive jwenn liberasyon li byen bonè nan dimanch maten, e Wellborn ta pral libere kèk jou aprè .13 septanm 2021 an, manm Evazyon Mizik yo lanse Yon petisyon pou mande libere Stanley Dronette, ki pral fete 27 lane li 15 septanm k ap vini la.

Nan teks ki akonpaye petisyon sila, manm Evazyon Mizik yo fè konnen yo fè tout demach legal yo pou atis la te libere, sa pa fèt malgre yo pa gen okenn chaj kont li, yo fè konnen sa se Yon zak enjistis e yo mande liberasyon li nan san pran tan.

 

https://www.change.org/p/rockefeller-vincent-free-stan-libere-stan

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article