Sunrise Airways anile tout vòl li yo pou Jeremi

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
sunrise airways anile tout vòl li yo pou jeremi

Nan yon nòt pou laprès ki pote dat 18 me 2023, konpayi avyon Sunrise Airways anonse li oblije anile tout vòl li yo pou Jeremi akoz yon pwoblèm teknik. Konpayi a fè konnen y ap fè tout sa ki posib nan lide pou vòl yo retounen pi vit posib, nan bon kondisyon.

Nan nòt sa a, konpayi avyon Sunrise Airways anonse tout avyon yo te planifye pou vòl Jeremi yo kanpe pou kounye a akoz rezon teknik.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Sekirite pasaje nou yo se yon priyorite pou Sunrise Airways, li malerezman enposib pou sèvi ak lòt kalite avyon pou Jeremi. Pis aterisaj la pèmèt aksè ak ti avyon sèlman”, ekri Sunrise Airways, tout pandan li afime yo okouran de deranjman ki lye ak dezòd sa yo ki gen konsekans sou lòt vòl.

Se sak fè, konpayi avyon an di y ap fè tout sa ki posib nan lide pou vòl yo retounen fèt pi vit posib nan kondisyon optimal yo san bay okenn dat.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.