Tigwàv : Yo jwenn Charles Solages, papa 5 timoun mouri san tèt andedan lakay li 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
tigwàv yo jwenn charles solages, papa 5 timoun mouri san tèt andedan lakay li 

Nan 10èm seksyon kominal Tigwàv, pi presizeman nan Kalab, abitan bb yo  jwenn yon nonm san vi nan chanm li nan lanwit 3 pou rive 4 oktòb 2022 a. Imaj la ki rive byen bonè maten 5 oktòb la, montre sitwayen an san tèt, Charles Solages te rete pou kont li, li se tou papa 5 timoun. 

Dram sa a pase nan komin Tigwàv nan yon lokalite ki pote non Kalab, abitan yo ki pa tande bri mesye Charles Solage depi nan maten 3 oktòb 2022 a, rantre lakay li, yo jwenn li dekapite nan chanm li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon jij nan zòn vyalè te vin fè konsta legal yo, se Mèt Delicio Vernevil, ki te bay lòd pou yo te leve kadav la, aprè konsta a. 

Selon yon sous lokal, jij la te ekri, yo te remake yon zam byen chaje ak bal sou sèn krim nan. Depi jou lanmò Charles la rive jouk moman redaksyon sa a, 5 oktòb 2022 12h : 35 PM, sikonstans lanmò rete enkoni, lajistis di kanmenm fòk yo jwenn otè zak sa a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.