Categories: INTERNATIONAL

Une fille de 12 ans a poignardé à mort son frère de 9 ans

Share

Yon ti fi 12 lane sasinen yon ti frè l ki gen 9 lane anba kout kouto nan vil Oklahoma. Otorite yo fè fas ak yon dilèm paske lalwa pa prevwa pyès jijman sou yon timoun ki poko gen 13 lane, ni jije l kòm yon granmoun.  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ensidan an pase nan lannwit vandredi 6 janvye a, pandan papa timoun yo te nan pwofon somèy nan chanm li ki pa twò prè ak chanm timoun yo.  

Sa fè dezyèm omisid konsa ki repete pandan ane 2023 a nan vil Ameriken Tulsa, Oklahoma a. Daprè yon rapò lapolis te drese, adolesan an te fann ti frè a ak kout kouto vandredi 6 janvye pase a pandan papa yo t ap dòmi nan chanm anwo kay la. 

Se Tulsa Police Riverside Division, ki te resevwa apèl ijans konsènan dram nan, nan lè 11:43 p.m yo konsa, presizeman nan blòk 1000 South 64th Place nan sid vil la, daprè yon deklarasyon otorite ABC News te wè.  

“Ofisye yo te aprann papa timoun yo t ap dòmi anwo kay la, lè pitit fi 12 lane a te reveye papa a pou l anonse l ti frè a mouri”. Konsa nòt responsab polis yo nan Tulsa te ekri. 

Yo poko ka deside anyen pou tifi 12 lane a paske toutotan li poko gen 14 lane, li poko ka ni jije ni peye pou yon zak konsa. Toutfwa otorite yo nan Leta a kite “Family Center for Juvenile Justice” analize dosye a anvan yon desizyon. 

 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by