Categories: NETALKOLE

Vergetures, oubyen Mak Pitit, yon preferans lakay gason yo sitou nan rapò seksyèl

Share

Vergetures ki gen ti non kreyòl li Mak pitit, se yon sijè dènye tan sa yo ki fè anpil deba sou rezo sosyal yo, ni nan “baz gason” yo. Fanm ayisyèn yo ki pa t renmen aparisyon Mak Pitit la sou kò yo, vin jwenn yon sekirite pou kouwèl ye la gras ak fantasm anpil gason ki vin depann pafwa de “Vergetures ” yo.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Anvan menm nou grandi sijè a nan fason gason ayisyen yo konsevwa oubyen konprann lide “Mak Pitit” la, kisa ki atire atansyon syanifik yo ak medsen yo lakay fenomèn sa ? Yo rele l Vergetures, daprè chèchè yo, se yon tach ki parèt sou kò fi a pandan ti moman Gwosès li oubyen chanjman òmòn yo. Mak sa yo souvan wouj vyolèt, yo pi souvan sitiye sou vant, tete, ranch yo ak kwis.

Toujou daprè rechèch yo, mak sa vizib, yo pa pwovoke danje, men anplis de mal ayestetik posib yo, yo ka lakòz demanjezon ak sansasyon sere ki dwe mete w nan po w. Se poutèt sa, mak detire sa rive nan moman chanjman tankou Gwosès, premye faktè ki lakòz aparans lan.

Se alafwa yon chanjman kiltirèl nan sosyete pa nou an, mete aksan sou yon sijè ki depi lontan te inyore epi stigmatize. Mak detire, Mak pitit, patikilyèman sa yo ki dekore bò dèyè yo ak kwis yon fanm, nan yon epòk te konsidere kòm yon sous wont. Mak natirèl sa yo kounye a jwenn yon nouvo estati, li vin tounen yon senbòl sansyalite ak akseptasyon pwòp tèt ou. Kèk fanm ki remake l sou yo pa kache emosyon yo, kèk amatè sèks nan mitan gason yo tou wè fenomèn sila nan lòt fasèt tou.

Bebyka ki gen 38 lane, eksplike: « Mak pitit kounye a se yon siy sansyalite, yon temwayaj sou eksperyans nou ak matirite nou, sitou lè yo sou bouda nou ak kwis nou, nou vin konfyan avèk li paske mennaj nou vin twò tolere l.»

Ekspresyon an popilè, “Si w pa gen mak pitit sa yo, ou pa dous” se sa kèk flannè avwe nou nan ti bat bouch nou te gen ak yo. Anplis renmen mesye yo renmen fenomèn nan kay medam yo sitou nan pati dèyè oubyen kwis, bò senti yo, sou rezo sosyal yo, yo menm fè pwomosyon pou li. Sou kèk paj enfliyan sou Instagram, nou fè kèk tan ap li kòmantè yo pa pil ak pa makòn.

Nan kèk kòmantè, mesye yo pwouve se fanm ak Mak Pitit k ap mennen, nan yon lòt bò, yo montre nan ki dimansyon yo jwenn dezi seksyèl yo pi rapid lè yo anfas jan de fanm ki genyen liy sa yo sou po yo. Menmjan, medam yo fè kèk remak tou lè yo finalman fè konesans ak mak yo.

“Anvan, mwen pa t remake yo, pou m pa di mwen pa t renmen yo. Lè m fenk wè yo sou po m mwen te jennen, mwen pa t vle moun wè yo, mwen te menm kòmanse fè rechèch sou lwil ak krèm ki ka retire yo paske m pa t alèz avèk yo”, deklarasyon Jessica ki gen 20 lane. Li kontinye pou l di kijan li vin santi l alèz ak yo menmsi se pa a 100%, paske li souvan jwenn bon apresyasyon mennaj li swa li avè l oubyen lè y ap diskite bagay ki entim.

Si pou kouwèl ye la koze Mak Pitit la chanje pèsepsyon oubyen chanje fason medam yo te konn wè tèt yo anvan, ebyen gen yon lit ki mennen pou sa. Kèk blogè atravè rezo sosyal yo, gras ak volonte fanm yo tou, Mak Pitit la vin lwen yon sous wont pou fanm yo, gason yo sitou, jwe yon wòl kle nan evolisyon sa a.

Sa k atire Weeny, se lè li ap karese ak yon fanm ki gen “Vergetures” bò kwis ak bò senti l, medam sa yo klase nan Top 5 fanm ki pi atiran pou li menmsi fi a san eksperyans, men mak yo jwe pou li.

Bizaman, gen gason ki genyen mak sa sou po yo tou, sitou mesye yo ki obèz yo. Reyalite sa vini nan devlopman kò mesye yo. Poze medam yo kesyon si yo wè sa menmjan ak mesye yo oubyen si sa atire fantasm yo, yo pa vrèman gen yon ide.

Li esansyèl pou nou poze kesyon ki enpòtan. Èske vrèman revolisyon sa a britsoukou sou koze Mak pitit la bay rezilta otantik sou bote yon fanm ? Èske li enfliyanse vrèman atant yo tout bon ? Transfòmasyon kiltirèl sa kontinyèl, li ede medam yo retire dout nan tèt yo epi kenbe yon etap pozitif nan direksyon pou yo aksepte pwòp tèt yo epi selebrasyon divèsite kò.

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: dezi seksyèl Gwosès Mak pitit Vergetures