Categories: SPORTS

Yon kalifikasyon istorik pou Grenadye yo fas ekip Chili a

Share

Nan yon match difisil, Grenadye yo rive rache biyè kalifikasyon yo fas ekip Chili a 2-1 nan Auckland, nan lanwit madi a. Gras ak 2 gòl Corventina Ayiti pral patisipe nan zafè Mondyal fanm yo pou premye fwa nan istwa yo. Yon Mondyal kap fèt nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland, soti 20 jiyè pou rive 20 dawout 2023. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

 

Ayiti jwenn biyè l pou 9vyèm edisyon Mondyal fanm yo, kap òganize nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland aprè yon match konplike fas ekip Chili a (2-1). Bèl jenerasyon fanm sa yo ofri Ayiti premye kalifikasyon yo nan sa ki gen pou wè ak Mondyal fanm yo. Yon nouvo paj nan listwa foutbòl fanm yo nan peyi Dayiti.

 

Tout 2 ekip yo te vin chache kalifikasyon yo, chilyèn yo tap byen jwe,  yo te pran aysyèn yo nan gòj. Ayiti ki te byen defann pat rive pran gòl, nan fen premye mitan sou yon kont Corventina ta pral ouvè mak la pou ekip Ayiti a.

 

Nan dezyèm mitan Ayiti tap sibi match la, men reponn fizikman epi siprann ekip la nan kont yo ak Borgella ki ta pral rapid, San bliye Nérilia ak Corventina ki tap mouye mayo ble ak wouj la devan pou Grenadye yo. Nan fen dezyèm mitan sou yon tiraj mayo, ekip aysyèn nan ta pral jwenn yon penal,  yon penal ki tap sele viktwa ekip la, men Nérilia Mondesir te rate l.

 

Ekip Chili a te kwè nan egalizasyon a, sou yon bèl pas Nérilia jwenn jwèz  ekip Lion an nan peyi Lafrans, ki ta pral fè yon double pou mete ekip la 2-0. Kò abitraj la ta pral bay plis pase 11 minit, kote Chili te redwi eskò a epi kontinye mete presyon sou koyekipyè Corventina yo.

 

Match la fini 2-1, Ayiti kalifye pou Mondyal 2023, yon viktwa merite pou ekip Ayiti a, ki te kwè nan kalifikasyon istorik sa. Rèv la ap kontinye nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland pou 9vyèm edisyon Mondyal fanm yo nan mwa jiyè kap vin la.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Chilie Corventina Haiti sports