Categories: NETALKOLE

Yon manman 2 timoun mouri pandan l ap refè tete l ak dèyè l

Share

Nan mwa oktòb 2021, doktè yo nan yon sant chiriji estetik nan eta Florid nan peyi Etazini te deklare Jaynisha Williams mouri, pandan l ap sibi yon operasyon chiriji estetik. Daprè enfòmasyon yo, jèn dam sa pat janm reveye de anestezi doktè yo te ba li a, pou yo te ka pwosede ak operasyon an.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!
Daprè manman viktim nan, yo te vini nan sant sa pou li te ogmante tete l epi fè yon lifting brezilyen nan dèyè li (Transfere grès nan kò li nan dèyè l) Yo te toujou di l tout bagay anfòm, chak fwa li mande yon doktè kòman operasyon an ye.
“Chak 1 è, mwen mande doktè yo kòman pitit mwen an ye ak kòman operasyon an ap dewoule e chak fwa yo te toujou di m tout bagay byen pase” se sa Latoshia Leggett deklare.
Tank tan ap pase epi lòt pasyan ap kite lopital la, manman Jaynisha te kòmanse enkyete. Pèsòn pat vinn di l sa k ap pase e li fè konnen se lè yon anbilans vini pou pran kò a, yo di l pitit li a mouri.
Yon rapò ki sòti nan biwo doktè ki te fè otopsi sou kò Jaynisha fè konnen tout pwosesis estetik yo te fini, men Jaynisha Williams pat janm reveye, e yo vinn paka detèmine ak egazaktitid koz lanmò li. Manman viktim nan ap mande jistis, sitou Doktè ki te ba l anestezi a, Milicent Muir, pat otorize pou li fè sa akoz yon plent yon pasyan te depoze kont li.
Depatman sante nan eta Floride la depoze yon plent administratif kont Best U Now, lopital ki te pratike operasyon an sou Jaynisha, paske yo te otorize yon doktè ki pat kalifye ni ki pat dwe egzèsè, bay dam 26 lane sa anestezi a.
Fanmi Jaynisha Williams fè konnen okenn responsab nan lopital la pa janm kontakte yo ni pou prezante yo eskiz ni pou prezante yo kondoleyans.
Jaynisha Williams te yon fotograf, li te gen 2 pitit, youn 5 lane ak youn 2 lane. Sè li Kimia Spikes dékri Jaynisha tankou pi bon zanmi l, yon bèl nanm, yon moun ki te renmen lanati, ki te toujou kontan.
Sam Sarah Devilus

Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.

Leave a Comment
Published by
Tags: Jaynisha Williams