Categories: NETALKOLE

Yon sòlda Dominiken chire epi pase anba pye l yon drapo Ayiti

Share

Nan yon videyo kap sikile sou rezo sosyal yo, nou te ka remake yon sòlda Dominiken ki pran kòm plèzi li, dechire epi pase anba pye l yon drapo Ayiti devan divès sitwayen Ayiyen, Sa ki te pi tèrib nan sèn nan se te reyaksyon konpatriyòt Ayisyen yo ki, malerezman pat fè siy endiyasyon mechanste sòlda peyi vwazen an tap fè sou bikolò a. Nan sans sa a, reyaksyon yo bò kote moun yo sou entènèt la pat piti. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Rezo sosyal yo te chofe granm bonè maten mèkredi 19 oktòb 2022 sa a, aprè piblikasyon yon videyo ki te montre yon sòlda lame peyi Repiblik Dominikèn ki tap devalorize drapo peyi pwòch li Ayiti, se an prazans plizyè Ayisyen endividi an komèt zak malonèt sila a, pandan li tap repete divès pawòl piman bouk pou l montre nan ki nivo li pa respekte Ayisyen kòm pèp.  

Reyaksyon Ayisyen yo nan videyo a te montre ak klè kijan yo pat sansib fas ak konpòtman malvenyan endividi a, plizyè ladan yo tap ri nan moman blan dominiken an tap kreye sèn li an. Yon imaj ki montre tou nan ki nivo yon majorite moun nan Repiblik vwazen an deteste Ayiti mete sou tout kriz lap andire nan dènye tan sa yo. Malgre soutyen yo prevwa pote bay dirijan yo nan Leta a pou konbat ensekirite a. 

Kòmantè yo pat piti anba plizyè paj ki te pibliye videyo a, pami tout kòmantè yo plizyè moun te solisite yon sanksyon kont endividi an ki te komèt derespektan sa a anvè drapo peyi Dayiti a. 

Si se te yon Ayisyen ki te fè l ? 

Aksyon sa a tap leve plim sou do prèske tout mond lan si se te yon Ayisyen ki te denigre drapo yon lòt peyi, ki te kapab mennen tou lanmò sitwayen Ayisyen ki tap komèt zak sila a, si aksyon ki pase a pa vle di anyen pou entènasyonal la, ni òganizasyon ki la pou tabli lapè ak amitye ant peyi yo, pou sitwayen konsekan Ayisyen yo se yon wont total lè se yon peyi vwazen ki aji nan sans sa a. 

Annatandan, nap tann reyaksyon gouvènman Repiblik Dominikèn nan sou sa ki pase a, toutfwa nou dwe raple poko gen okenn reyaksyon bò kote dirijan Ayisyen yo. 

 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by