Categories: IMMIGRATION

300 Ayisen entèsepte nan lanmè Kiba abò yon bato ki twò chaje

Share
Sitiyasyon sekirite an Ayiti a tèlman pa kontwole, kidnapin ak krim yo paka konte ankò nan Pòtoprens, kapital peyi a.  Sa ki pouse anpil Ayisyen ap kite peyi a al chache yon lavi miyò yon lòt kote.
Otorite Ameriken yo fè konnen 300 Ayisyen te entèsepte nan gwo lanmè abò yon bato twò chaje Mèkredi 15 fevriye 2023 a, pa Gad Kòt Ameriken an nan peyi Kiba.
Se sa ki fè, Otorite Ameriken yo mande tout ayisyen pou yo pa riske lavi yo nan vwayaj klandesten paske  y ap voye yo tounen  an Ayiti san mank.
Depi plizyè lane peyi a ap fè fas ak yon vyolans san kontwòl, yon sitiyasyon ki vin pi grav apre asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la an 2021. Gang yo kontwole anpil nan kapital Ayiti a, kote pèsonn pa epanye.
Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by