Direksyon Imigrasyon anonse rekòmansman pwodiksyon paspò ak livrezon plis pase 11,000 dokiman

Par
Mackendy Filderice
Rédacteur
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.
- Rédacteur

Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE), nan tèt kole ak Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal (MIKT), fè popilasyon an konnen gen 11,770 paspò ki te bloke pandan pwosesis kontwòl kalite yo kounye a ki pare pou livrezon.

DIE anonse pwodiksyon paspò yo ap rekòmanse nòmalman apati lendi 26 dawou 2024, ak yon metòd amelyore ki vize pou ogmante efikasite ak akselere pwosesis la. Tout sèvis enstitisyon an ap fonksyone nòmalman e gen desizyon ki pran pou asire livrezon paspò yo fèt san pèdi tan.

Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon remèsye tout anplwaye ak manm pèsonèl li yo pou devouman yo ki pèmèt reyalizasyon sa a. DIE fè konnen chak dosye demann paspò ap trete avèk respè pou lwa ak règ enstitisyon yo, san okenn reta.

Anons sa a se yon gwo souf pou anpil moun ki t ap tann paspò yo pandan yon bon tan. Popilasyon an ap tann ak anpil enpasyans rekòmansman pwodiksyon nòmal la pou tout pwosesis la kapab tounen nan nòmal li pi vit posib.

- Advertisement -
Ad image

 

Sous Foto: Triboland

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.