Categories: AN KREYÒL IMMIGRATION

34 imigran ayisyen ki te abandone sou zile Monito nan Pòtoriko jwenn sekou

Share

Gad Kòt Ameriken rapòte madi 13 desanm 2022 sa a, 34 imigran ayisyen, 26 gason, 7 fanm ak 1 minè, ki te bloke sou zile Monito, Pòtoriko, te jwenn sekou apre  kontrebandye yo te fin abandone yo. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Depatman Resous Natirèl ak Anviwònman Pòtoriko te avèti Gad Kòt  San Juan e lè yo te rive sou sèn nan, yo te rapòte plizyè dife nan Rezèv Natirèl Monito Island yon bagay ki pa konn abitye fèt. 

Ekipaj avyon Ocean Sentry Coastguard te mennen ankèt sou evènman yo e li te konfime te gen yon gwoup moun ki pa idantifye ki bloke sou zile Monito. 

Apre dekouvèt la, yo te pote imigran Ayisyen sa yo sekou ak yon bato ki te prezante yon “gwo risk” akòz kondisyon lanmè yo te konplike. 

“Ekipaj la te fè yon travay enkwayab  pou pote moun sa yo sekou  pandan 5 èdtan pou yo te rive sove 34 moun  sa yo ki te bloke nan Monito,” Lt. Robert Renfrow te di nan yon deklarasyon. 

Monito chita kò l  nan rejyon  il de la Mona, ki sitiye nan kanal la ki gen menm non an, ki separe Pòtoriko ak Repiblik Dominikèn e se yon wout migratwa imigran itilze souvan, kote ane sa a te gen 2 nofraj ki te lakoz lanmò 16 ayisyen. 

N ap raple tou, jou ki te 12 me 2022 a, nan nò zile Pòtoriko, yon bato te chavire, sa ki te lakòz lanmò 11 fanm ayisyen.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by