44 pwen Kevin Durant yo pa anpeche Brooklyn pèdi fas Chicago 

44 Pwen Kevin Durant Yo pa Anpeche Brooklyn Pèdi Fas Chicago 

44 pwen kevin durant yo pa anpeche brooklyn pèdi fas chicago 

Aprè yon mwa san pèdi ekip Brooklyn Nets la tombe fas ak Chicago Bulls (121-112), gwo pèfòmans Kevin Durant lan : 44 pwen, 5 pas, 4 rebon pat sifi  pou ede Nets yo genyen. Jwè Chicago yo tankou : DeMar DeRozan, Patrick Williams te montre yo bon nan atak yo yèswa, kote yo chak make 22 pwen pou Bulls yo.  

Aprè 12 match san pèdi, ekip Brooklyn Nets la pa rive fè pi byen pase Celtics yo pou komansman sezon an. Fas Bulls yo ki te byen òganize koyekipye Kevin Durant yo pat rive kontinye envensibilite yo nan NBA a aprè yon mwa san pèdi. Nets yo pèdi 121-112 nan lannwit mèkredi a.  

44 pwen Kevin Durant lan pat ase pou Nets yo, jwè  Bulls yo te bay anpil pwoblèm nan atak la kote DeMar DeRozan ak  Patrick Williams make 22 pwen yo chak, Nikola Vucevic (21)  epi Ayo Dosunmu(17).  

Yon ekip Brooklyn ki ta pral pran 40 pwen nan premye pati a, jwè Jacque Vaughn yo ta pral nan kouri pou yo make plis pwen, malgre Kevin Durant te ede yo ak 44 pwen li make nan rankont lan, men sa pat ase.  

Aprè rankont lan, Jacque Vaughn ki se antrenè Nets yo te pale konsa nan mikro New York Post:  

 » nou te eseye, nou pase tout match la ap kouri pou make plis pwen. Premye pati a, yo fè 40 pwen sa ki te bayo kontwòl match la. Nou salye pèfòmans yo, yo te vini pou yo genyen, yo te vle bat match la, nou te sipoze gen menm santiman sa. » 

Quitter la version mobile