Categories: AN KREYÒL IMMIGRATION

9 fanm ayisyèn bloke sou yon zile Pòtoriko pandan y ap tante rantre Ozetazini, Gadkòt ameriken sove yo

Share

Nan kòmansman semèn nan, lendi 16 janvye a Gadkòt peyi Lèzetazini enfòme li te lokalize 55 migran ki te bloke sou zile Monito. Zile sila sitiye li nan lwès Pòtoriko, pa gen pyès moun k ap viv la.  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

“Ekipaj yon avyon HC-144 Gadkòt yo twouve yon gwoup moun ki te bloke sou divès falèz wòch zile Monito pandan yo t ap fè yon patwouy maritim nan pasaj Mona, lendi swa”, se konsa otorite amerikèn yo bay nouvèl la ayè jedi 19 janvye a. 

Pami senkantèn migran sila yo genyen 9 fanm ki pretann yo se Ayisyèn, epi youn fè konnen li sòti Kiba, daprè detay jounal dominiken Listin Diario bay sou operasyon sovtaj sila. 

Daprè sa yo fè konnen, ekip sovtaj la te rankontre anpil difikilte pou l te pote migran sila yo sekou an rezon kondisyon yo sou lanmè a ki te difisil epi akòz falèz yo. Alòske yo te twouve yo bloke la depi lendi 16 janvye a, se ayè jedi a operasyon sovtaj yo te rive fèt. 

Gadkòt ameriken te blije tann lanmè a desann epi kondisyon van bese, daprè sa Heriberto Hernández, yon patwouyè fè konnen. Li deklare yo te bay chak migran yon jilè sovtaj epi fè yo sote nan lanmè a youn apre lòt pou yo te ka sove yo. 

N ap raple, anplis sila ki pran risk sou lanmè pou rantre Ozetazini oubyen yon lòt zile nan Karayib la, genyen plizyè milye lòt ki sou fwontyè Meksik-Etazini, ki sòti patikilyèman nan Amerik di Sid la. Prèske chak jou yo la pou wè si yo ka foule tè kay Tonton Sam pou bouske yon lavi miyò pou yo ak fanmi yo. 

Kondisyon vi yo ki pa reyini an Ayiti fòse pitit tè a ap sove kite l pa pil pa pakèt san yo pa konnen kisa pakou yo pral fè a rezève pou yo. Dè fwa yo konn rive atenn objektif yo, dè fwa yo mouri nan wout, dè fwa tou yo konn fin rive epi otorite imigrasyon yo voye yo tounen lakay yo an Ayiti. 

 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by