« Batay pa batay » gouvènman an ap monte pri gaz la jan sa te anonse a 

Witson Beaujour
Par
Witson Beaujour
Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.
- Rédacteur
batay pa batay gouvènman an ap monte pri gaz la jan sa te anonse a 

Nan yon chita pale ak nasyon an dimanch 11 septanm 2022 a, Premye Minis Ariel Henry te anonse gouvènman l lan ap ajiste pri gaz la andedan ponp yo nan peyi a. 

Jan sa anonse a, daprè yon sous nou ka fè konfyans, gouvènman Ariel Henry a pandan yon bat bouch ak konsèy minis li a, te deside fikse pri gazolin nan a 570 goud pou yon galon, dyezèl la pase a 670 goud epi kewozèn nan a 665 goud pou yon galon. 

Li enpòtan pou n raple, depi lendi 12 septanm 2022 a, popilasyon an, aprè yo fin aprann entansyon gouvènman an pou ogmante pri gaz la, te toutswit lanse mouvman « Peyi Lòk » la, pou anpeche dirijan yo ajiste pri gaz la nan ponp yo, se kòmsi Ariel remete gaz sou kawotchyou dife pwotestatè yo.

//
Sign Up for Our Newsletter

Subscribe to our newsletter to get our newest articles instantly!

[mc4wp_form id= »55″]

Partager cet article
Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.