Categories: ACTUALITÉS

Minis Sante a Alex Larsen pa mouri

Share

Depi plizyè jou nouvèl lanmò l ap sikile sou rezo sosyal yo. Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Alex Larsen ap viv toujou, kontrèman ak move nouvèl k ap sikile depi dènye fwa yo te wè l sou yon chèz woulant nan yon ayopò an Repiblik dominikèn. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

« Titilè MSPP a, menm si eta sante l pa fin twò anfòm akòz laj k ap antre sou li, vivan toujou », se konsa yon sous nou kapab fè konfyans te reponn nou lè nou te poze l kesyon sou nouvèl k ap sikile sou lanmò minis la. Li te senpleman ajoute minis Larsen an deplasman pou gouvènman ayisyen an an Ewop, sa kèk medya te deklare oparavan.  

N ap raple, genyen plizyè vèsyon k ap sikile depi kèk tan sou rezo sosyal yo, anplis nouvèl lanmò minis lan, genyen ki di li malad byen grav nan peyi etranje.  

N ap raple nan yon videyo amatè ki t ap fè laviwonn rezo sosyal yo, patikilyèman sou Facebook, nou te kapab wè M. Alex Larsen, ki se ansyen direktè jeneral OFATMA (Office d’Assurance Accident du Travail, Maladie et Maternité) sou yon fotèy woulan, y ap pouse l. Misye a pat menm sanble gaya. 

Anpil moun pat pran tan pou te kritike eta sante aktyèl Minis sante a, epi fè konnen « poukisa yon ti granmoun konsa pat nan retrèt, pou valè jenn medsen ki genyen epi ki te ka ranpli fonksyon sa pi byen toujou ». N ap raple Doktè Alex Larsen genyen 83 lane sou tèt li. 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: Alex Larsen