Categories: AN KREYÒL INSECURITE NATIONAL

Ane 2022 a te mòtèl anpil pou Polisye yo, plis pase 50 te mouri

Share
Sant pou analiz ak rechèch sou dwa moun (CARDH) te fè yon rapò sou kantite ofisye lapolis ki te sasinen anba men bandi ak zam soti mas 2021 pou rive janvye 2023 a. Pandan peryòd sa a, anviwon yon santèn nan yo te trepase, ki gen ladan tou, 54 nan lane 2022 a.
Nan nòt pou laprès sa a ki te pibliye lendi 13 mas la, CARDH fè konnen, 72 polisye te asasinen soti 12 mas 2021 pou rive 26 janvye 2023, tout pandan li te raple,  2 lane aprè lanmò 5 polisye nan inite espesyalize SWAT la (Georges Renois Vivender;  Desilus Wislet;  Eugene Stanley;  Ariel Poulard ak Lucdor Pierre), “Kadav yo te imilye,mitile, boule epi pibliye sou rezo sosyal yo.  Plizyè lòt te blese anba bal san konte ekipman operasyon an ki gen ladan yon cha blennde, yon M60 ak yon M50 epi yon gwo kantite minisyon ki te sezi.
“Depi lè sa a, yo te bay bandi yo kat blanch pou asasinen lapolis ak popilasyon an… Senkannkat (54) polisye te asasinen an 2022. Soti 1ye janvye pou rive 26 janvye 2023 a, 18 polisye deja asasinen. “, rapòte Sant analiz ak rechèch nan dwa moun (CARDH), ki endike ant 5 ak 6 jen 2021, uit polisye te asasinen nan Site Solèy ak anba lavil.  19 janvye 2022 a, Jean Ismay Auguste, komisè lapolis, ak madanm li, Clodilde Vilus, te asasinen nan Kwadèboukè. 24 jiyè 2022, enspektè lapolis Réginald Laleau te asasinen sou teren legliz Asanble Bondye a nan Meyè nan zòn Kwadèboukè .  25 novanm 2022, direktè akademi lapolis nasyonal la, komisè Divizyonè Harington Rigaud, te touye sou wout frè nan komin Petyonvil.
Mete sou sa, òganizasyon dwa moun nan fè konnen nan dat 20 janvye 2023 a, nan Metivye, 3 polisye te asasinen ak yon lòt te disparèt.
  • Gérald Occinal ki te fè pati 30yèm Pwomosyon PNH la
  • Duckens Cejuste ki te nan 24yèm Pwomosyon, Luc Éliézer 20èm pwomosyon.
  • Wiclern Staniclas, ki limenm disparèt.
Daprè CARDH Nan dat 25 janvye 2023 a, bandi ak zam ki fè pati manm gwoup gang Gran Grif, nan lokalite Savyen te retire lavi sèt (7) polisye :
  • Kether Louis
  • Mackes Badin
  • Donaldson Inosan
  • Norabert Aurelus
  • James Junior Felix
  • Camille Pierre ak Osny Mesadieu
Yon lòt bò, Sant pou analiz ak rechèch sou dwa moun yo (CARDH)  kritike enstitisyon ki la pou  kontwole ak konbat koripsyon nan peyi a, ki gen ladan Inite Anti-Koripsyon (ULCC) ak CSCCA ki pa janm di anyen konsènan sitiyasyon difisil sa yo ajan Lapolis Naysonal Dayiti (PNH) yo ap viv, yon sitiyasyon k ap vin pi difisil chak jou k ap pase.
Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: CARDH Lapolis SWAT