Categories: AN KREYÒL NATIONAL SPORTS

Yon ekip Violette ki diminye pou match retou Lig Chanpyon Concacaf la

Share
Akoz difikilte pou jwenn viza ameriken, Violette Athlétique Club ki te genyen ekip FC Austin lan (3-0) nan match ale a, rive nan peyi Etazini avèk yon efektif diminye pou jwe match retou an nan sware madi 14 mas la.
Jwè Violette yo ki te enpoze yo (3-0) nan match ale an ki te jwe nan peyi Repiblik Dominikèn semèn ki sot pase a, rive Etazini pou match retou an avèk yon delegasyon 20 moun ki gen ladan l 16 jwè foutbòl avèk 4 lòt ki fè pati estaf teknik lan.
Avèk efektif diminye sa, Violette Athlétique Club gen randevou aswè a, 8è nan aswè (lè lokal), avèk klèb ameriken an k ap resevwa yo aprè bèl viktwa istorik yo te fè nan match ale an kote atakan yo an, Michnaider Chéry te enskri yon maswife double.
Ekip Violette lan rive nan peyi Etazini san plizyè jwè kad li ki pa rive fè vwayaj la akoz pwoblèm viza ameriken yo pa rive jwenn malgre demach yo ki te tanmen depi oktòb 2022, daprè Sekretè jeneral klèb la, Antonio Campoy ki te fè deklarasyon sa sou Totalmix.
Efektif Ble ak blan yo ki te 12 nan yon premye tan aprè match ale an, ogmante ak 4 lòt jwè ki rejwenn yo avan match retou an fas klèb ameriken an kote estaf ki fè deplasman an pwomèt, yo pral bay tout yo menm pou asire kalifikasyon ekip lan.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: FC Austin Lig Chanpyon Concacaf Violette