Administratris Adjwen USAID a, Isobel Coleman rive an Ayiti 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
administratris adjwen usaid a, isobel coleman rive an ayiti 

Atravè yon nòt pou laprès ki pibliye madi 23 janvye 2023 sa a, Anbasad Etazini an Ayiti  fè konnen Administratè Adjwen Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal la a (USAID), Isobel Coleman rive an Ayiti. Yon ti tan apre Administratris laa  rive nan peyi a, Etazini te enfòme yon èd adisyonèl prèske 60 milyon dola ameriken pou Ayiti. 

Administratris Adjwen Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal (USAID), Isobel Coleman pral pase 2 jou nan peyi a ap vizite, pandan 2 jou vizit sa yo, li pral mete aksan sou fason USAID ap travay pou ede soulaje bezwen imanitè, konbat kolera ak avanse demokrasi epi estabilite ekonomik an Ayiti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè sa Anbasad Etazini an Ayiti a deklare nan kominike  pou laprès li a, konvèsasyon yo pral eksplore tou fason Etazini ka travay ak patnè lokal an Ayiti pou ankouraje yon gouvènans respektif epi responsab, jan yo prevwa nan Estrateji 10 lane Etazini pou Prevni Konfli ak Pwomote estabilite a. 

Mete sou sa a, yon ti tan aprè Administratè Adjwen ameriken an rive nan Kapital peyi a, Pòtoprens, Etazini anonse yon èd ijan  siplemantè 56.5 milyon dola ameriken pou abòde kriz imanitè k ap deteryore nan peyi a , epi konbat epidemi kolera k ap kontinye koze lanmò anpil sitwayen Ayisyen depi lè li te reparèt nan mwa oktòb ane ki sot pase a. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.