Afwontman ant gang yo reprann nan Site Solèy 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Foto : AP/Matias Delacroix

Aprè plizyè tan yo te sispann manifeste tèt yo anndan komin Site Solèy, bandi yo rekòmanse ap batay ant yo piti piti anndan komin Site Solèy sa gen kèk jou. 

G9 an Fanmi e Alye, ki gen nan tèt li Jimmy Cherizier alyas Babekyou, ap afwonte G-Pèp, Jean Pierre Gabriel alyas Ti Gabriel, ap dirije. E repriz batay yo poko ap sispann, daprè sa yon abitan Site a fè n konnen. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Menm si yo te sispann tire ant yo depi gè jiyè pase a, sa pat anpeche pyès moun paka sikile libelibè anndan katye sila ki se pi gwo bidonvil peyi Dayiti ak Karayib yo genyen. Viktim yo ap fèt an kachèt, resanse yo pa p fasil ditou si se pa yon moun ki rapòte l.  

Nan mitan kras ak lamizè, 2 kan yo ap afwonte pou pran kontwòl Site Solèy, men G9 gen anba kontwòl li plis katye, epi l vle rantre an posesyon Brooklyn ki anba men Ti Gabriel. 

Echanj kout zam yo deja fè plizyè viktim kolateral, pami yo Christella Delva, yon jenn fi 17 lane ki mouri ak yon bal mawon nan tèt, li t ap pral fè filo ane a. N ap raple lanmò demwazèl sa rale dèyè l pa 2 jounalis : Frantzsen Charles ak Tayson Lartigue. 

Wi, ayè dimanch 12 septanm nan, 2 jounalis pami 7 lòt mouri aprè yo te rantre al fè yon entèvyou ak manman Christella nan zòn Brooklyn, pandan y ap rantre lakay yo, bandi G9 te louvri kout zam sou yo epi pran 2 pami yo ki se Frantzsen Charles ak Tayson Lartigue. Enfòmasyon rapòte yo sezi moto yo, louvri kout bal sou yo, ale ak kadav epi mete dife sou yo. 

N ap raple se pa pou dat chak gouvènman ki pase ap pwomèt y ap pran bon jan mezi pou reprann kontwòl Site Solèy a, ki fin pouri anba bandi ak zam, men anyen pa janm fèt. 

Gè 8 jiyè pou 17 jiyè pase a lakòz prèske 500 moun mouri akòz kriminèl yo epi prèske 3 mil lòt te sove kite kay yo. San konte anpil fanm ak tifi yo vyole. 

Premye minis Ariel Henry te anonse l ap deplwaye yon patwouy lapolis la anndan abò yon cha, jiskaprezan pèsonn pakonn koulè l. Otorite yo lage pèp Site a 2 bra balanse pou yo fiziye yo grenn pa grenn devan zye lemond. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.