« Ak yon lame epi yon lapolis byen ekipe, Ayiti ap chanje nan 90 jou», daprè Vilaire Cluny Durauseau 

« ak yon lame epi yon lapolis byen ekipe, ayiti ap chanje nan 90 jou», daprè vilaire cluny durauseau 

Prezidan estrikti politik yo rele « Mouvman pou endepandans kiltirèl, sosyal, ekonomik ak politik an Ayiti a (MEKSEPA) », Vilaire Cluny Durauseau, kontrekare arive twoup etranje yo an Ayiti pou vin rezoud kriz sekirite a nan peyi a ki makonnen ak sitiyasyon imanitè ak politik ki travèse peyi a. Nan yon konferans pou Laprès, ki te fèt mèkredi 19 oktòb 2022 a, ansyen kandida pou pòs prezidan an konsidere mouvman gouvènman an kòm « yon zak trayizon ». Li fè konnen ak yon lame epi yon lapolis ki byen ekipe, ensekirite a ak tout lòt pwoblèm ki anviwonnen l yo kapab jwenn bout yo nan 90 jou. 

Demann Gouvènman Ariel Henry pou chèche sipò lame nan men kominote entènasyonal la pou l ka konbat gang yo ki kenbe peyi a an otaj, anpil estrikti politik ayisyen rele chal bare dèyè desizyon sa a. 

Nan sans sa a, « Mouvman pou endepandan kiltirèl, sosyal, ekonomik ak politik an Ayiti a (MEKSEPA) ». Fè plizyè gwo deklarasyon  nan mikwo ak kamera divès medya jounen mèkredi a, lidè antite politik sa a Vilaire Cluny Durauseau. di li kont yon inisyativ parèy, ekip gouvènman an pran an. 

Yon nouvo entèvansyon militè an Ayiti ap tradwi otomatikman yon manke respè konstitisyon peyi a, daprè Misye Durauseau. 

Ansyen kandida eleksyon prezidansyèl pase yo dekri kòm « yon zak trayizon » desizyon gouvènman ayisyen an pran. 

Li raple peyi a gen 2 fòs lame, sa vle di, Lapolis Nasyonal Dayiti a ak lame a. « Si nèg yo ranfòse kapasite operasyonèl yo nan lòd y ap fè fas ak « vòl, kidnapin,sasinay,vyòl » elatriye», konseye Vilaire Cluny Durauseau. 

« Elimine gang yo se pa yon misyon difisil », toujou selon lidè a. « Ak yon lame byen ekipe epi yon lapolis, peyi a pral pasifik nan 90 jou», pèsiste epi siyen politisyen an. 

Pou rapèl, demann èd militè gouvènman ayisyen an fè bay kominote entènasyonal la ap etidye nan Konsèy Sekirite Nasyonzini epi li ta dwe gen yon swivi apati vandredi 21 oktòb 2022 sa a. 

Quitter la version mobile