Akòz peyi lòk la, plizyè anplwaye ap viv nan chomaj 

akòz peyi lòk la, plizyè anplwaye ap viv nan chomaj 

Akòz kriz politik la k ap grandi chak jou pi plis nan peyi a ki sanse paralize tout aktivite yo pandan plizyè mwa, plizyè milye anplwaye revoke epi ap viv nan chomaj, daprè prezidan Asosyasyon Endistri Ayiti yo (ADIH), Wilhelm Lemke, nan yon entèvyou li te bay sou antèn Radyo Magik9 jedi ki te 20 oktòb 2022 a, pandan li mande aktè yo mete tèt yo ansanm, nan lòd pou fasilite reouvèti aktivite ekonomik yo. 

Daprè biznismann nan, kriz ekonomik peyi a ap fè fas jounen jodi a mete men l byen sere nan kou sektè ekonomik lan ak klas ki pi defavorize yo. Pou simonte pwoblèm sa a, li mande pou lidè politik ak ekonomik yo mete tèt yo ansanm pou mete yon fren ak kriz sila a. 

Misye Lemke panse gen twòp opòtinite an Ayiti pou moun ta eksplwate, li mande yon lòt bò pou gaz la disponib jan sa a te ye avan an epi ak yon pri tout envestisè ka achte. Nimewo 1 estrikti  ADIH a ankouraje tout sektè nan vi nasyonal la a pou yo pran yon angajman nan domèn respektif yo, pou yo lanse yon apèl k ap kapab tabli yon akò ak sendika yo nan sousi pou mete yon fen ak van divizyon sa a nasyon an ap fè fas la. 

Akoz mouvman pwotestasyon yo, vin jwenn ak karans total pwodwi petwòl yo rekonèt nan dènye tan yo, faktori papye twalèt nan laboratwa 4C te malerezman rekonèt yon defisi jiskaske plizyè militan te mete dife nan lokal faktori sila a, lòt faktori te resevwa menas nan men divès pwotestatè. Konpayi yo te blije fòse revoke anplwaye yo, annatandan aktivite yo reprann. 

« Majorite biznis yo fèmen, kèk endistri ki louvri se tipa tipa y ap fonksyone. Aprè sa, se yon fèmen total ak revokasyon plizyè santèn milye anplwaye. Antreprenè yo te kòmanse revoke anplwaye epi y ap kontinye revoke», deklare antreprenè a. 

Quitter la version mobile