Anbasad Amerikèn pa fè okenn deklarasyon sou Ayewopò Tousen Louvèti

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
anbasad amerikèn pa fè okenn deklarasyon sou ayewopò tousen louvèti

Kontrèman ak enfòmasyon ki fè kwè anbasad peyi Etazini nan Pòtoprens ta fè konprann Ayopò entènasyonal Tousen Louvèti an ta gen pou fèmen, responsab diplomasi amerikèn an Ayiti yo fè konnen yo pa t janm fè deklarasyon konsa ak sitwayen ameriken yo.

Nan yon kominike ki pibliye ayè vandredi an sou rezo sosyal yo, Anbasad Amerikèn nan Pòtoprens pote klarifikasyon sou enfòmasyon sa k ap sikile sou rezo sosyal yo e fè konnen yo sèlman dekonseye sitwayen ameriken ki Ayiti yo kite peyi a fas ak agravasyon klima sekirite an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Anbasad Amerikèn pa fè okenn deklarasyon pou sitwayen ameriken konsènan Ayewopò Tousen Louvèti a yo di ki ta fèmen. Nou pa chanje estati sekirite nou an. Nou kontinye ankouraje sitwayen ameriken yo pou yo pa vwayaje an Ayiti akoz sitiyasyon sekirite a », sa nou kapab li sou kont X anbasad la.

Reprezantasyon diplomatik amerikèn lan nan Pòtoprens te tou pwofite drese yon tablo nwa kou lank sou vyolans k ap taye banda nan peyi a, prensipalman nan rejyon metwopolitèn lan, kote bandi ak zam pa sispann kidnape, touye epi komèt yon pakèt lòt vye zak ki menase lavi moun.

Nan sans sa, akote konsèy pou sitwayen ameriken kite peyi a pi vit posib yo, anbasad la pwofite bay kèk konsèy sekirite ak pitit li yo ki Ayiti nan moman sa pou yo evite mache san bezwen, pa sikile nenpòt ki kote, pa al kanpe nan bank, evite deplase nan lè 1è pou rive 5è nan maten.

N ap raple, plizyè sitwayen ameriken deja pase anba flanm ensekirite k ap taye banda an Ayiti an kote bandi ak zam konn kidnape epi mande gwo kantite lajan pou liberasyon yo. 17 misyonè bandi 400 Mawozo te kidnape nan Kwadèboukè yo se youn nan pi gwo ka yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.