Ankèt sou asasina Jovenel Moise : 4 lot sispèk arete Ozetazini

Ravensley Boisrond
Par Ravensley Boisrond
ankèt sou asasina jovenel moise 4 lot sispèk arete ozetazini
Otorite federal ameriken yo arete, madi 14 fevriye 2023 a, 4 bouwo Ameriken nan kad ankèt k ap fèt sou asasina ansyen Prezidan Ayisyen an, Jovenel Moïse. Antonio Intriago, yon biznisman Venezyelyen-Ameriken, ak Arcángel Pretel, yon sitwayen Kolonbyen-Ameriken, yo se pwopriyetè yon konpayi sekirite ki baze nan Florid ki te lye ak asasina Jovenel Moïse nan dat 7 jiyè 2021 an, daprè sa kèk medya ameriken rapòte.
Madi, ajan federal ameriken yo te arete pwopriyetè yon konpayi sekirite ki baze nan sid Florid ki gen lyen ak asasina ansyen prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, daprè deklarasyon youn nan avoka yo rapòte « New Yorke Times », Sa a se dènye devlopman nan kontèks yon ankèt ki enplike plizyè sitwayen ameriken.
Antonio Intriago, yon biznisman Venezyelyen-Ameriken, ak Arcangel Pretel Ortiz, yon sitwayen Kolonbyen-Ameriken, se 2 sispèk ki te nan prizon nan Sid Florid epi ki t ap tann prezans nan tribinal ayè madi 14 fevriye 2023 a, te fè konprann youn nan Avoka Antonio Intriago a, avoka sa a ki  te deja admèt CTU, te rekrite mesye yo.
« Mwen ka konfime Intriago te arete maten an epi li nan Miyami pandan ankèt la, » te di Joseph Tesmond, avoka Mesye Intriago a.  “Li gen entansyon plede pa koupab nan odyans sou kosyon li apremidi a », li te  kontinye pou l di.
Tesmond konfime tou arestasyon Pretel ak yon twazyèm sispèk: Walter Veintemilla, yon sitwayen ameriken epi yon finansye k ap viv nan Florid, ki te prete 172,000 dola ameriken bay CTU Security pou finanse operasyon yo an Ayiti, daprè otorite  Ayisyen yo.
Yon lòt bò, Frederick Bergmann, katriyèm akize a, te arete pou swadizan patisipasyon li nan finansman operasyon an.  Daprè « Miami Herald », li te responsab kontrebann jilè pa bal bay ansyen sòlda Kolonbyen yo ki te egzekite Jovenel Moïse, ansyen Prezidan Ayisyen an.
Kèk ansyen dirijan politik bat bravo pou arestasyon sa yo
Ansyen Premye Minis Ayisyen an, Laurent Salvador Lamothe te pataje kontantman li, sou arestasyon 4 nouvo sispèk nan asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la gras ak ajan FBI madi sa a.  Pou ansyen lokatè Primati  an, nouvo arestasyon sa yo « enpòtan anpil ».
“Jodi a otorite ameriken yo arete 4 nouvo sispèk nan asasina Prezidan Moïse.  Sa montre jistis mache. Felisitasyon pou FBI & HSI,” te ekri sou rezo sosyal Twitter Laurent Lamothe, anvan li te eksprime dezi li pou l kontinye mande jistis pou Jovenel Moïse.
« Nou pral kontinye san pran souf pou mande jistis pou Jovenel, » te afime Ansyen Premye minis Laurent Lamothe.
Bò kote pa l, Claude Joseph, ansyen Minis afè etranje a, pa t pran tan pou li te reyaji aprè nouvèl sa a. Nan yon mesaj tou kout ansyen Premye minis lan te pibliye sou  Twitter, li te fè konnen « Jistis dwe domine ».

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia