Ansyen Premye minis Gérard Latourtue mouri

Ansyen Premye Minis Gérard Latourtue Mouri

ansyen premye minis gérard latourtue mouri

Ansyen Premye minis ayisyen Gérard Latortue mouri byen bonè jodi lendi 27 fevriye 2023 a, lakay li, nan Florid, daprè sa pwòch fanmi an konfime.

Ansyen Chèf gouvènman pandan peryòd tranzisyon aprè koudeta 2004 yo, mouri vè 3è nan maten jodi lendi an, a 88 lane, daprè sa jounalis Péguy Jean konfime sou rezo sosyal yo.

Gérard Latortue ki te dirije Ayiti kòm premye minis sòti 12 mas 2004 pou rive 9 jen 2006, mouri lakay li nan peyi Etazini kote l te retounen al viv aprè fen fonksyon Chèf gouvènman li an.

N ap raple, avan pòs Premye minis li an, Gérard Latortue te okipe fonksyon Minis afè etranje sou prezidan Leslie François Manigat sòti fevriye pou rive jen nan lane 1988.

Quitter la version mobile