« Ariel Henry ap kite pouvwa 2 fason sèlman : swa l mouri oubyen li bay li ak yon prezidan ki eli », deklarasyon André Michel 

« ariel henry ap kite pouvwa 2 fason sèlman swa l mouri oubyen li bay li ak yon prezidan ki eli », deklarasyon andré michel 

Pwotestasyon ki gen nan lari yo se simagri, si n ka kwè dènye deklarasyon André Michel fè nan mikwo laprès, kote l fè konnen « Premye minis Ariel Henry ap kite pouvwa 2 fason sèlman : swa l mouri oubyen li bay li ak yon prezidan ki eli aprè eleksyon fin fèt ». 

Dirijan Sektè Demokratik ak Popilè a (SDP) André Michel ret fèm sou desizyon l Ariel Henry pa p fè yon pa kita yo pa nago. Li rete kwè si aktè yo pa vle pran chimen dyalòg Ariel Henry ap fè plis tan sou pouvwa. « Pa gen okenn pwovizyon legal pou ranplase Ariel Henry nan tèt peyi a », li rete kwè. 

André Michel ki t ap entèvni sou manifestasyon ki gen nan lari a akòz pri gaz la nan ponp yo, te di l pa wè okenn pwoblèm si gaz la desann, men se gouvènman ki pou esplike popilasyon an klèman pwoblèm k ap genyen si pri gaz la pa monte. 

Li pran kòm ekzanp pri baril petwòl la sou mache entènasyonal laak kriz ki gen nan peyi Ikrèn nan pou jistifye desizyon gouvènman de fakto a pran pou monte pri gaz la sou mache lokal la.  

N ap raple tout peyi lòk jodia madi a swit ak mouvman pwotestasyon ki te kòmanse pran ayè 12 septanm nan. Pèp la di yo pa p bay vag paske fòk Premye minis Ariel Henry bay demisyon l. L ap mal gouvène, lavi a chè, pa gen gaz epi ensekirite a ap souflete yo, li pa di anyen. 

Quitter la version mobile