Apre sanksyon Kanada te pran dimanch 20 novanm 2022 kont ansyen Premye Minis, Laurent Lamothe, Ansyen depite Arnel Bélizaire te eksplike kòman Laurent Lamothe te kòmande 200 galil ak Plizyè santèn nèf milimèt sot Izrayèl.
Pandan entèvasyon Arnel Bélizaire nan emisyon “Boukante lapawòl” ansyen depite a fè konnen pandan Kanada pran sanksyon kont Laurent Lamothe la pou lajistis tou pwofite remanyen dosye sa a. Piske ansyen Premye minis Laurent Lamothe ta lese kwè li pa koupab.
Depite a fè konnen nan epòk li te an fonksyon, Laurent Lamothe te fè komand 200 fizi epi li pa kite okenn tras nan dosye fòs polis ayisyen an. Depite a kontinye pou li eksplike zam sa yo te transpòte nan AmeriJet.
Arnel Bélizaire te di tou Salim Succar se te limenm administrasyon Martelly- Lamothe la te bay responsab pou fè tranzaksyon ilegal konsènan tout zam sa yo ki t ap antre yon fason ilegal andedan peyi a, tout pandan li fè konnen ansyen Premye Minis Laurent Lamothe ak Succar te enpòte yon fason ilegal plis pase 200Galil ki te fabrike nan peyi Izrayèl.
Facebook Comments